Entwodiksyon ak Jesyon Estrès
Nou tout konn sansasyon estrès. Kè kap bat vit, respirasyon rapid, papiyon nan vant, ak enkyetid, tout sa yo se pwen komen nan sansasyon estrès.
Estrès kòmanse nan sèvo w. Sèvo w fè w santi w konsa pou l eseye e pou l retire w nan yon sitiyasyon ki difisil. Tout sa ke w resanti yo an reyalite yo fèt pou ede w.
Respirasyon rapid ak kè kap bat vit la ede w jwenn plis enèji ak oksijèn pou misk ou yo.
Enkyetid la pèmèt lespri w rete konsantre sou yon sèl bagay.
Menm sansasyon “papiyon nan vant” la vle di yon bagay. Se yon endikasyon ki siyale ke sistèm dijestif ou ap ralanti pou pèmèt kò w konsantre sou lòt defi.
Kidonk, ki kote pwoblèm nan ye? Si sèvo w panse sa ap ede w, poukisa estrès ka fè w santi w mizerab e menm rann ou malad?
Pwogram sa a pral eksplike kijan lè w konprann orijin estrès la, sa ka ba w zouti ou bezwen pou w jere l, kòmsi se yon manyèl itilizasyon pou estrès. Ou pral aprann konnen kijan estrès afekte kò w ak kijan pou idantifye koz fondamantal estrès nan lavi w. Lè w kite pwogram nan, wap gen anpil materyèl pratik ou ka itilize nan lavi toulèjou w pou jere estrès la pi byen epi redui enpak li genyen sou lavi w.
Ou pral resevwa atik nan yon lòd espesifik ki deziyen pou l trè pratik. Men ou ka gade yon apèsi tout atik yo, si w ta renmen wè kisa kap vini apre.
Enfòme w sou estrès:
Materyèl ki nan referansyèl pou jesyon estrès ou a: