Rekonèt Siy Estrès Kwonik
Lè w santi w estrese (lè reyaksyon estrès la aktive), fason kò w reyaji chanje. Yon boufe òmòn libere nan san w, sa ki fè kò w travay plis ke l ta dwe. Frekans respiratwa w ogmante, kè w bat pi vit epi ou santi yon eksplozyon enèji. Akoutèm, sa ka ede w vin pi pèfòman epi leve defi ki devan w yo.
Toutfwa, si reyaksyon estrès la deklanche twò souvan oswa li pa dezaktive, e sèvo w toujou panse ke w anfas yon menas, òmòn yo ap kontinye vini. Apre yon tan, sa ka ba w pwoblèm. Li vin pi difisil pou w reflechi ak pou w pi pèfòman fizikman. Ou santi w mal epi fatige. Tansyon w ak sik nan san w monte. Sitèm iminitè w pa travay twò byen, alòs ou vin malad pi souvan e pran plis tan pou rekipere. Se sa ke nou rele estrès kwonik la.
Apre yon tan, estrès kwonik ogmante risk pou w devlope maladi kwonik, tankou dyabèt ak maladi kè. Li ka redwi sou kantite lane lavi w tou (esperans lavi w) ak sou kantite lane nan lavi w ke w fè an bòn sante (esperans lavi an bòn sante).
Lè w estrese, ou ka genyen kèk oswa tout sa yo:
Tansyon miskilè ak doulè. Sa ka rive ou flechi kou w, zepòl ou, janm ou oswa ponyèt ou. Sa ka rive machwè w sere. Sa ka rive do w, tèt ou oswa kou w fè w mal.
Difikilte pou reflechi. Ou ka santi panse w ap fè lago nan lespri w. Sa ka rive panse w plede ap retounen sou yon sèl sijè. Ou ka gen enpresyon ou mwen atantif ak detay pou tout rès bagay.
Pwoblèm imè. Ou ka santi w anwiye yon fason ki pa nòmal. Ou ka santi w anvi pase raj ou sou yon moun. Ou ka santi w deprime oswa demotive.
Difikilte pou dòmi. Ou ka santi w gen pwoblèm pou dòmi oubyen pou rete andòmi. Ou ka santi w twò "aktif" oswa eveye pou w repoze.
Ritm kadyak ak respirasyon rapid. Ou ka santi kè w kap fè kous. Sa ka rive ou pran respirasyon rapid, sipèfisyèl.
Jere estrès kòmanse ak rekònèt ak kisa estrès sanble pou ou nan moman an. Estrès afekte chak moun yon fason diferan, kidonk lè w rekonèt kijan li frape w sa ka ede w konnen ki mezi pou w pran pou abòde l.