Skip to main content

Idantifye sa ki Deklanche Estrès

Konpreyansyon w sou kijan estrès lakoz ou santi w nan moman an se sèlman mwatye kastèt la. Lòt mwatye a se konprann poukisa ou santi w estrese. Ki menas ki pouse sèvo w deklanche reyaksyon estrè la?

Eleman ki pwovoke reyaksyon estrès yo rele deklanchè. Deklanchè yo ka se sitiyasyon ki estresan, tankou eskive yon machin kap vini nan sans envès la oswa wap enkyete apwopo finans ou.

Deklanchè yo ka mantal tou, tankou lè w anreta sa rann ou angwase oswa fason w santi youn nan paran w yo jije w. Fason w panse oswa ou santi w ka lakoz sèvo w aktive reyaksyon estrès la. E sa ki enteresan an, sèke fason w panse oswa fason w santi w ka lakoz sèvo w fèmen reyaksyon pou estrès la.

Reflechi sou sa ki lakoz ou santi w estrese. Kisa deklanchè w yo ye? Epi èske w ka idantifye santiman w yon fason ki pi presi? Lè w ka idantifye santiman w, yo vin pi fasil pou jere. Ekspè nan estrès yo rele sa "idantifye l pou w metrize l."

Deklanchè Komen yo

Fason ki Posib pou w Idantifye Estrès la

Delè nan travay oswa lekòl

Lide pou m anreta fè m santi m angwase.

Peye fakti

Mwen santi mwen fristre paske map peye frè reta sou fakti ke m pa peye atan yo.

Bay Moun Swen

Mwen santi mwen epwize paske m gen mwens tan pou tèt mwen ke m te konn abitye genyen.

Maladi kwonik oswa doulè

Mwen santi mwen deprime lè map panse ke m pa konnen si sa a ap janm fini.

Bouje

Mwen santi mwen pè apwopo sa m pa konnen.

Enflasyon, politik mondyal, evènman mondyal

Mwen santi m an kòlè paske gen move bagay nan mond lan ke m pa anmezi pou m chanje.

Yon men pou ede

Dèfwa sa ki lakoz estrès yo lontan pi plis ke sa nenpòt nan nou kapab jere poukont nou. Enjistis sosyal, kominote ki pa an sekirite, pandemi mondyal — chak sa yo se sous estrès ki enpòtan.

Si w viv estrès akoz mank resous oswa ou santi w pa an sekirite, ou ka fè founisè swen w oswa responsab swen w lan konn sa tou. Li ka oryante w ale jwenn yon lòt resous pou èd.

Tape la a pou w aprann konnen plis sou kijan faktè sosyal yo ka afekte sante mantal ak sante fizik ou.

Rasanble tout eleman yo ansanm

Jesyon estrès se pa yon solisyon inik. Kounye a ke w konnen kijan estrès aji sou ou, ou konprann kisa deklanchè w yo ye, epi ou ka idantifye santiman w yo, ou pi byen prepare pou atake l epi mete l sou kontwòl. Dènye atik yo nan pwogram sa a pral ede w jwenn meyè zouti pou w jere estrès ou.