Skip to main content

Kisa Mwen Dwe Konnen Sou Detèminan Sosyal pou Sante?

Gen anpil bagay ki ka afekte sante w, kòmanse ak viv yon lavi an sante jouk rive nan jwenn swen woutin.

Sepandan kote w rete, kote w travay ak kote w fè aprantisaj kapab afekte sante w tou.

Yo rele bagay sa yo detèminan sosyal pou sante, oswa SDoH, nan lang angle. Li bon pou konnen yo, e pou konnen tou kijan pou jwenn èd si w bezwen èd.

Kisa SDoH ye?

SDoH se faktè eksteryè ki ka afekte sante w ak byennèt ou.

Reflechi sou:

  • Sitiyasyon sosyal ak ekonomik ou.

  • Sipò kominotè.

  • Sistèm lekòl.

  • Aksè pou jwenn swen sante.

  • Sekirite nan travay.

  • Dlo, manje ak kalite lè nou respire a.

  • Zanmitay ak relasyon.

Se pa tout moun ki gen menm opòtinie oswa menm konba. E sa ka fè bagay yo pi difisil pou sèten moun atenn objektif sante yo fikse.

Ki egzanp SDoH ki genyen?

SDoH tonbe nan 5 kategori. Yo chak yo ka afekte sante w ak byennèt ou.

  • Estabilite ekonomik. Ladann wap jwenn kèk faktè ki ka anpeche w gen ase lajan, kòm paregzanp lè w pa gen travay oswa lè w pa ka peye pou manje w oswa lwaye w.

  • Edikasyon. Se la ou aprann ak fason ou aprann. SDoH nan domèn sa a kapab se yon mank edikasyon oswa defi pou li oswa pou kominike.

  • Milye sosyal ak kominotè. Li enplike rezo sosyal ou ak wòl ou jwe nan kominote a. SDoH nan domèn sa a kapab se lè w sibi diskriminasyon oswa lè w pa gen zanmi. Li gen ladann tou ale nan prizon oswa lè w konnen yon moun ki te ale nan prizon.

  • Sante e swen sante. Nan sa a gen aksè w pou jwenn swen sante, tankou si w rete lwen yon lopital oswa lwen yon doktè, lè w pa gen asirans sante, oswa w pa ka konprann enfòmasyon sante.

  • Katye ak anviwònman. Sa gen ladan tou kote w rete a. SDoH nan domèn sa a se kapab se lefèt ke w pa gen aksè pou jwenn manje ki bon pou sante oswa dlo pwòp, ke w abite nan lojman ki gen danje ladann, oswa lefèt ke w rete yon kote ki gen krim oswa vyolans.

Si SDoH afekte m, ki kote mwen ka jwenn èd?

Si w gen pwoblèm nan nenpòt nan domèn sa yo, pale avèk doktè w la. Yo ka byen ede w jwenn resous lokal ki pou ede w.

Anplis, ekip swen w lan kapab vin yon sous kap ba w sipò. Paregzanp, responsab swen w lan ka byen mete w an kontak ak yon bank alimantè oswa l ka ede w jwenn èd leta pou lojman.

Kijan m ka ede zòt nan kominote m nan?

Si SDoH pa afekte w, panse ak lòt moun nan kominote w la ki ka byen afekte. Byennèt kominote w la se byennèt ou tou. Gen bagay ou ka fè, tankou mande gouvènman lokal ou pou yo ajoute yon trajè otobis oswa pou yo amelyore enspeksyon lojman yo. Oswa lefèt ke ou okouran de pwoblèm ki genyen nan kominote lokal e ke yap vote sou yo ak lè prezante w pou ale vote.

Lè w soti pou bay koutmen, sa ka fè yon diferans nan lavi zòt ak nan lavi pa w. Epi lè w fè sa ki byen, sa ka sipòte byennèt ou tou.

Istwa Samuel

Pandan tout lavi m, mwen te toujou mete sante m sou kontwòl, mwen te toujou fè tchekòp regilyèman epi m te konn pran tout vaksen m yo. Sepandan yo vin leyòf mwen epi m pèdi asirans sante m. Lajan m vin kout lè m pat fouti jwenn yon lòt travay. Mwen te vin gen anpil estrès. Kè m te konn ap bat fò. Mwen te konn ap plede leve nan mitan lannwit. Finalman mwen vin tonbe malad grav. Gen yon zanmi m ki te vin ede m. Li te pale m de yon klinik ki toupre ki konn bay sèvis swen sante epi yo fè moun peye selon sa yo ka peye. Moun ki nan klinik la te okipe m kòmsadwa. Epitou yo te pale m de yon bank alimantè nan zòn nan epi yo pale m de lòt sèvis sipò ki genyen. Sèvis yo te wete yon pwa sou do m. Mwen ka okipe tèt mwen kounye a. Klinik sa a sove lavi m.