Yoga ak Tai Chi
Byenke tout kalite egzèsis bon pou jesyon estrès, chèchè yo dekouvri ke yoga ak tai chi benefik nan yon fason patikilye. Souvan yo fè referans ak yo kòm “egzèsis pou kò ak lespri,” yoga ak tai chi ofri w tout byenfè egzèsis fizik yo pou soulaje estrès ou pandan yap travay nan lespri w tou. Yo se zouti ke w ta dwe konsidere pou itilize nan bwat zouti jesyon estrès ou a.
Alòske yoga ak tai chi se dè pratik byen diferan youn ak lòt, yo sanblab nan sans ke yo konekte mouvman ansanm ak respirasyon. Gen moun ki rele yoga ak tai chi “meditasyon an mouvman.”
Pandan ke anpil moun kòmanse yoga oswa tai chi pou avantaj fizik yo ofri, sa ki kontinye pratike yo souvan pale sou avantaj mantal yo pote. Pratik fizik la se pòt daksè a avantaj mantal yo e li ka vin segondè parapò ak santiman kalm ke yo pwokire.
Yoga
Genyen anpil diferan estil yoga, soti nan sa ki soup ale nan sa ki pito atletik. Genyen yon estil yoga ki mache pou tout laj, tout nivo kondisyon fizik ak kalite kò, donk pa kite sa entimide w. Anpil moun panse ke natirèlman kò w dwe fleksib pou w pratike yoga, men se pa vre. Eseye diferan estil ak diferan pwofesè pou w dekouvri sa w renmen an. Men kèk estil yoga ki popilè:
Hatha (li soup; bon pou debitan).
Iyengar (li itilize akseswa; li bon an patikilye pou moun ki gen blesi).
Restoratif (soup; li fèt atè).
Ashtanga (atletik).
Tai chi
Tai chi se yon konbinezon boza masyal ak meditasyon. Tankou yoga, genyen diferan estil. Tout estil yo baze sou enèji an mouvman oswa "chi" atravè kò a. Toutfwa, okenn nan estil yo pa enèjik oswa atletik. Si w swe, sèke wap travay twòp! Sa rann li yon bon egzèsis pou kò ak lespri pou tout laj, nivo kondisyon fizik oswa kalite kò.
Kijan pou w kòmanse
Li pi fasil pou kòmanse yoga oswa tai chi lè w suiv yon kou olye w chèche konprann li poukont ou. Si w ka jwenn yon kou an prezansyèl, wap gen avantaj resevwa kòmantè nan men yon enstriktè. Ofiramezi wap santi w pi konfòtab, genyen plizyè videyo ak aplikasyon anliy ou ka fè lakay ou. Gras ak teknoloji, ou ka fè kèk nan meyè pwofesè yo antre anndan salon lakay ou!
Poukisa yo fonksyone
Yoga ak tai chi ede regilarize sistèm nève w lè li aktive reyaskyon "repoze epi dijere" a. Pa kontras, estrès aktive reyaksyon "goumen oswa chape poul" la. Yon sistèm nève ki byen regilarize se yon sistèm ki balanse e ki rezilyan. Sa vle di li konnen kijan pou li aktive ak dezaktive reyaksyon estrès la, olye li kite l aktive tout tan.