Meditasyon
Pandan ke meditasyon egziste depi plizyè milye lane, syantifik yo kòmanse chèche ak atansyon kijan meditasyon afekte estrès ak sèvo nou, e nouvèl yo jwenn yo bon. Meditasyon te yon zouti efikas pou diminye estrès, anksyete, ak depresyon.
Si w panse ou pa ka medite paske li sanble yon bagay ki difisil oswa ke "se pa bagay o pa w la" oswa sèvo w twò okipe, sa vo lapèn pou rekonsidere l. Li difisil pou inyore nan ki pwen li puisan pou jesyon estrès dapre rechèch la.
Kijan pou kòmanse
Gen plizyè fason pou medite. Sa vo lapèn pou eseye diferan tip yo pou jwenn youn ki mache pou ou. Men kèk ki ka ede w lanse w ladan l:
Meditasyon konsyan: Ak meditasyon konsyan, ou note panse w yo san fè jijman. Li ede w fè meditasyon gide lè ou fenk ap kòmanse, malgre ke anpil moun kòmanse ak pwòp mwayen pa yo san yon gid. Tip meditasyon sa a se yon bon chwa si w vle fasilite antre w nan meditasyon pandan jis kèk minit alafwa. Genyen plizyè aplikasyon ak sitwèb ki popilè.
Rediksyon estrès ki baze sou plèn konsyans (MBSR): MBSR se yon kou ki dire 8 semèn ke yo te fè bonjan rechèch sou li. Yo te dekouvri ke li diminye sentòm estrès, anksyete ak depresyon, menm jan ak doulè kwonik. Yo ofri li nan kou an prezansyèl ak anliy.
Kirtan: Yon meditasyon aktif kote ou fè chan repetitif epi ou klake dwèt ou souvan. Nan yon etid ki fèt sou èd swayan estrese kap okipe moun ki soufri demans, meditasyon sa a te revele ke li envèse domaj ke estrès la fè sou ADN nan (wi, estrès ka andomaje ADN ou!). Kirtan se yon bon opsyon pou moun ki remake ke li pi fasil pou konsantre yo sou mo olye ke yo konsantre yo sou respirasyon yo, ak moun ki prefere bwi olye silans. Chèche jwenn yon videyo gratis sou entènèt la epi eseye l.
Yoga nidra: Yon tip meditasyon gide kote ou kouche (wi, se yon pozisyon yoga!) e kote w gide pou w ale nan yon eta relaksasyon pwofon ke kèk moun rele “somèy yojik.” Yoga nidra se yon bon chwa si w renmen ide meditasyon gide a epi si w vle dòmi pi byen, kòm rechèch dekouvri ke li amelyore somèy. Genyen plizyè aplikasyon ak sitwèb ki ofri sesyon yoga nidra gide.
Li ka bon si w jwenn yon kou oswa menm yon sèk meditasyon, pou w ka pratike ansanm ak lòt moun. Sa ka pote yon sans kominote e w ka jis pwograme l nan kalandriye w konsa ou fè l. Plizyè kominote genyen sèk meditasyon gratis ki rankontre chak semèn epi ki medite ansanm.
Genyen tou anpil aplikasyon ki gratis ak ki peyan. Gen kèk ekspè nan meditasyon ki rekòmande ke debitan yo kòmanse ak meditasyon gide epi apresa travay pou yo ka anmezi pou yo fè li poukont yo.
Poukisa li fonksyone
Lè nap panse ak tan pase, nou gen tandans rewè bagay yo nan lespri nou san rete. Lè nap panse ak lavni, nou pa konnen kisa ki pral rive, donk souvan se sipozisyon nou fè. Dèfwa sipozisyon sa yo pèmèt nou tonbe nan pyèj nan fason nou panse yo, oswa nan fason pou panse ki negatif. Lè nou konsantre sou tan pase oswa sou lavni an twòp, nou ka aktive reyaksyon estrès la. Majorite panse estresan konsène tan pase oswa lavni!
Tout fòm meditasyon pèmèt ou pratike egzèsis pran konsyans oswa pou w viv nan moman prezan an. Sa ba w yon espas refleksyon ki pa sèlman chita sou tan pase oswa lavni men okontrè ki nan “moman prezan an.” Yon pratik meditasyon regilye ka ede sèvo w aji pi byen reyaji parapò ak evènman estresan. Li fè ke sèvo a gen mwens tandand pou l deklanche yon reyaksyon estrès epi rann li pi rapid nan dezaktive reyaksyon sa a si w pral nan pozisyon pou w estrese.