Kijan Mouvman Ogmante Lonjevite Sante w
Yo di nou tout ke egzèsis bon pou nou. Men, li pa toujou fasil pou n ale nan sant kondisyònman fizik. Bòn nouvèl la se, mouvman fizik senp lakay ou kapab amelyore sante nou. Li ka fè nou santi nou byen repoze ak pi enèjetik tou. Anreyalite, lasyans la byen klè: aktivite fizik senp se youn nan meyè fason nou kapab pwolonje lonjevite sante nou. Li bannou plis ane kote nou santi nou pi anfòm posib.
Kijan èske mouvman ogmante lonjevite sante nou?
Etann nap evolye, nou te deplase anpil pou nou te ka siviv. Èt imen eksepsyonèlman bon nan deplase long distans. E kòm kò nou fèt pou sa, yo atann yo ak sa. Soti nan sèvo nou rive nan kè nou rive jouk nan misk nou, nou depann sou mouvman pou n rete anfòm. Se pou sa lè nou rete twò lontan san n pa bay kò nou mouvman, sa pa bon pou sante nou. Mouvman:
Amelyore sante mantal nou. Egzèsis soulaje estrès, li sipòte fonksyònman memwa ak sèvo, e l ka menm ede jere sentòm maladi mantal.
Anpeche maladi. Egzèsis ranfòse sistèm iminitè a, ki fè nou gen mwens chans tonbe malad. Anjeneral, egzèsis fè kò nou pi fò ak pi rezistan. Sa diminye risk pou maladi kwonik, tankou maladi kè, dyabèt tip 2, ak kansè.
Fè nou pi rezistan. Egzèsis fè zo nou pi solid, li amelyore ekilib, e li ranfòse misk kè ak poumon yo. Sa vle di mwens chans pou chòk grav ak rekiperasyon pi rapid si w ta pran chòk.
Mouvman: ki kalite ak ki kantite?
Apre plizyè dizèn lane rechèch, yo dekouvri kèk verite debaz sou egzèsis. Detay yo ka pa menm pou chak moun. Men anjeneral, men sa l ta dwe ye:
Entansite modere. Pou egzèsis benefik, se pou respirasyon nou ak rit kè nou ogmante. Sa pa vle di ou oblije kouri plizyè mil, rive gen souf kout epi pou w kouvri ak swe. Lamach rapid oubyen fè gwo menaj nan kay se kèk bon opsyon. Objektif la se pou w bay kò w defi a.
30 minit pa jou. Adilt bezwen ant 2.5 a 5 èdtan mouvman entansite modere chak semèn. Ki vle di 30 minit pa jou. Lè w fè ti kantite mouvman chak jou sa gen pi bon benefis sou sante w alontèn pase lè w boure tout egzèsis ou nan 2 sesyon wikenn byen long.
Yon ti antrènman miskilè. Antrènman miskilè vle di egzèsis ki amelyore mas ak fonksyònman misk yo. Objektif la se pouse misk ou yo pou leve plis pwa pase anvan. Egzanp komen yo se pouchòp, akwoupisman, ak leve altè lib (bat fè). Ekspè yo rekòmande omwen 2 sesyon 20 minit antrènman miskilè chak semèn.
Adapte fòmil sa a pou w fè ase mouvman chak semèn pou w ranfòse sante mantal ak fizik ou. Ou pral wè benefis imedya e w pral gen satisfaksyon konnen ke wap envesti nan sante w alontèm—lonjevite sante w!
Istwa Cindy
Mwen santi m byen ansante, men 2 nan gran paran mwen yo gen dyabèt e monnonk mwen gen maladi kè. Doktè mwen te mansyone ke lè yon moun rete aktif sa ede anpeche ni dyabèt tip 2 ni maladi kè. Donk mwen jwenn kèk fason pou m bouje pandan jounen mwen. Mwen fè ansòt mwen fè yon aktivite fizik chak jou. Mwen pake pi lwen pou mwen oblije mache piplis pou l ale nan travay la. Mwen fè wonn bilding nan detwa fwa pandan lè lennch. Mwen enskri pou diferan klas egzèsis nan YMCA mwen an. Map travay pou m eseye anpil bagay pou mwen ka jwenn aktivite ke m renmen! Mwen menm fè kèk egzèsis atè a etan map gad televizyon. Mwen achte yon detektè aktivite pou mwen ka wè kantite total la. E mwen santi map fè sa mwen kapab pou m rete an sante.