Skip to main content

Poukisa ak Kijan pou w Manje yon fason ki Pi Bon pou Sante

Manje ki bon pou sante, tankou grenn antye, legim, ak fwi, fè nou refraktè. Yo diminye risk nou pou w tonbe malad. E yo ba nou enèji san yo pa ralanti nou. Yo gen vitamin, mineral, ak enèji ki fè n kontinye pwogrese pandan jounen an.

Malerezman, pifò manje ki nan jiwon nou pa bon pou sante. Tout kote n pase nou jwenn manje ki malsen. Li gen twòp sik e li transfòme defason eksesif. Li pa gen eleman nitritif nou bezwen yo. Enèji li bannou an anreyalite domaje kò nou. E li ka deteryore sante mantal nou.

Malgre manje ki malsen e ki bon mache pa fasil pou evite, ou kapab fè yon bagay ak rejim alimantè w. Li kòmanse lè w aprann sa ki pi bon pou w manje ak kijan pou w kwit li. Ou kapab jwenn èd tou. Pwofesyonèl swen sante w la kapab konekte w ak yon nitrisyonis. E sèvis sosyal yo kapab ede w jwenn aksè a manje ki bon pou sante.

Ki avantaj ki genyen lè yon moun manje sa ki bon pou sante?

Lè w manje sa ki bon pou sante sa diminye risk ou pou maladi tankou maladi kè ak dyabèt. Li ka ede w kenbe yon pwa ki bon pou sante, ki anpeche w malad tou. Pa egzanp, lè w manje anpil aliman ki gen anpil fib ladan yo, tankou grenn antye, sa diminye risk pou dyabèt tip 2 ant 20% a 30%.

Manje ki malsen kapab fè nou malad. Yo ogmante risk poou depresyon. Yo mete presyon sou ògàn nou yo, e yo fè l pi difisil pou n mentni yon pwa ki bon pou sante. Sèten pati nan peyi Etazini prèske pa gen okenn lòt opsyon ke restoran ki vann manje rapid. Sèten etid jwenn ke moun kap viv nan rejyon sa yo gen defwa plis chans pou yo fè kriz kadyak, defwa plis chans pou yo vin gen dyabèt, 4 fwa plis chans pou yo gen ensifizans renal, ak 7 fwa plis chans pou yo fè estwok.

Fason pi fasil pou w manje defason pi sen

Manje malsen fasil. Se pou sa majorite nan nou manje l twòp. Donk meyè fason pou w manje defason ki pi sen se pou w fè manje ki bon pou sante fasil tou. Gen 2 gwo etap pou fè sa:

  • Manje plis legim. Legim genyen eleman nitritif esansyèl ladan yo tankou vitamin, mineral, ak fib. Lè nou manje bon kantite legim sa fè nou gen mwens anvi manje sa ki malsen. Legim bay kò a enèji konstan pandan tout jounen an. Yo diminye risk pou plizyè maladi. E yo ka amelyore sante mantal nou. Vize pou w pran 5 pòsyon chak jou. Kantite nan yon pòsyon depann sou legim nan. Men anjeneral, yon pòsyon legim kwit apeprè gwosè yon ponyen.

  • Manje ak bwè mwens sik. Lè w manje twòp sik sa ka ogmante risk ou pou maladi kè, dyabèt, ak lòt maladi. Sa ka lakòz gwo pèt nan lonjevite sante pou anpil moun. Pami manje ki gen twòp sik genyen bwason gazez, ji fwi, sirèt, ak aliman transfòme. Eseye diminye oswa elimine yo nan rejim alimantè w.

E konsènan vitamin pou pran?

Sèten moun pran vitamin ak sipleman pou ranplase sa yo pa jwenn nan rejim alimantè yo. Men rechèch resan yo montre ke sa pa gen efè sou diminye risk pifò maladi yo. Ofèt, sèten vitamin danjere nan gwo dòz.

Vitamin yo ka enpòtan pou w atenn bezwen medikal espesyal, tankou fè pou anemi oswa asid folik pou gwosès.

Pale ak doktè w pou w konn si ou dwe pran vitamin oswa kopleman alimantè. Pou sante jeneral, ou ka pi byen depanse lajan w sou manje nitritif pito.

Kijan mwen dwe kòmanse manje sa ki pi bon pou sante?

Endistri manje a mete manje prepare, ki pa bon pou sante kote li fasil ak aksesib.

Li ka mande yon ti efò pou yo fè manje ki bon pou sante ki pratik, men li posib.

Syantis yo gade pi bon fason pou fè l pi fasil pou manje sa ki bon pou sante. Men enfòmasyon kle ke yo aprann:

  1. Kòmanse ak yon plan presi. Li pi fasil pou w mentni yon objektif si nou gen yon plan espesifik. "Mwen gen lentansyon manje omwen 1 legim vèt chak jou" pi bon pase "mwen gen lentansyon manje pi byen." Donk chwazi yon bagay espesifik. Chwazi yon manje. Chwazi lè wap manje l.

  2. Fè manje ou renmen. Youn nan pi gwo rezon moun evite legim se akòz yo panse l pa gen bon gou. Men moun atravè lemonn ap manje legim depi plizyè lane. Genyen plizyè milye resèt. Jwenn yon resèt ki gen legim ladan l e ki sanble l gou. Aprann kijan pou w fè l. Epi pwogrese ofiramezi.

  3. Kontinye eksperimante. Sèten resèt pap bon pou ou. Sèten manje ou pap renmen. Manje ki bon pou sante pa vle di pou w fòse tèt ou manje sa w pa renmen. Kontinye eseye nouvo bagay. Lè yon bagay pa mache pran leson nan sa. Kontinye ajoute bagay ou renmen sou lis resèt ou yo.

Ki kote pou w jwenn plis èd

Doktè ak chèchè yo founi anpil resèt ki rich ak sa ki bon pou sante. Eseye youn nan resèt sa yo pou w jwenn èd ak resèt:

Pwofesyonèl swen w nan kapab ede w tou. Yo ka refere jwenn yon nitrisyonis ki kapab ede pèsonalize yon rejim alimantè pou bezwen sante espesyal ou genyen yo. Fè ekip swen w lan konnen si ou gen enkyetid sou rejim alimantè w ak sante w.

E si mwen pa kapab peye pou manje ki bon pou sante?

Genyen plizyè pwogram federal, pwogram leta, ak pwogram lokal ki ka ede. Depo manje yo ak gadmanje yo ofri manje gratis pou moun ki bezwen. Lòt pwogram ki ka ede yo gen ladan SNAP (yo te konn rele food stamps oswa koupon pou manje) epi WIC.

Feeding America kapab ede konekte w avèk sèvis sa yo.

Istwa Jim

Nan dènye tchekòp mwen an, mwen te sezi lè doktè mwen te di mwen gen predyabèt akòz sik nan san mwen te wo. Lè sa a mwen te deside pou m fè chanjman nan sa m manje, ofiramezi. Mwen te kòmanse bwè dlo olye pou m te kontinye bwè gazez chak jou. Apresa mwen te aprann kèk nouvo resèt. Sa m pi pito a se yon bon plat legim vèt breze ak lay. Mwen te jwenn resèt la sou entènèt. Anreyalite li byen fasil pou fè. Pou yon ti goute, mwen pran detwa grenn zanmann, fwomaj, oswa ti tomat piti yo. Mwen santi m byen. E nivo sik nan san mwen ap kontinye bese.