Skip to main content

Amelyore Rezilyans fas ak Estrès Atravè Mouvman, Somèy ak Nitrisyon

Imajine ke w pral kondui pou travèse peyi a. Èske wap monte nan yon ansyen machin epi w jis ale? Wap swete ke anyen mal pa rive epi w di tèt ou ke wap jis fè fas ak nenpòt ki pwoblèm lè l rive? Oswa èske wap asire w ke machin ou an ka fè vwayaj la anvan w deplase—kawotchou rechanj lan nan bon eta, kawotchou yo gen ase van, chanjman lwil lan resan epi tank gaz la plen? Pifò moun tap chwazi pou omwen yo verifye gaz la anvan yo al kondui pou 3,500 mil.

Panse ak kò w kòmsi l te yon machin. Lè w manje byen, ou dòmi ase epi ou fè egzèsis yon fason regilye, wap pran swen kò w byen. Bon abitid konsènan rejim alimantè, somèy ak egzèsis ede amelyore rezilyans ou ak estrès donk ou ka repran kap ou pi byen apre evènman ki estresan.

Mouvman

Aktivite fizik pèmèt ou lite kont estrès nan plizyè direksyon. Lè w aktif sa pèmèt nivo òmòn estrès yo diminye nan san w. Sa rann li pi fasil pou kò w dezaktive reyaksyon estrès la. Li lakoz tou ke kò w libere lòt òmòn ki fè w santi w dekontrakte epi kontan. Lè w aktif yon fason regilye sa ede w antrene kò w tou pou li fonksyone pi byen pandan moman estrès.

Aktivite fizik pa sèlman bon pou jesyon estrès. Li se yon envestisman tou nan sante alontèm. Tape pou w aprann konnen plis sou kijan aktivite fizik amelyore sante w.

Somèy

Si w pa dòmi ase, òmòn estrès ou yo ap ogmante. Lè w gen mank somèy yon fason kwonik, ou pèdi kèk nan kapasite pou w rezilyan.

Epitou lè w estrese sa ka rann li difisil pou w dòmi byen chak swa. Refleksyon kap fè vayevyen nan tèt ou ka anpeche w jwenn somèy. Enkyetid ka fè w leve nan mitan lannwit. Relasyon ki genyen ant somèy ak estrès kreye yon sèk visye ki rann reyaksyon estrès la vin pi difisil pi plis pou dezaktive.

Pou amelyore rezilyans ou, ou dwe genyen omwen 7 èdtan bon somèy. Somèy se yon chans pou sèvo w ak kò w repare tout domaj ke estrès kwonik lakoz. Li estimile sistèm iminitè w pou li pwoteje w kont maladi. Eseye kreye yon woutin somèy ki regilye—ale kouche epi reveye nan anviwon menm lè yo chak jou. Epi prevwa yon tan repo anvan w al kouche. Etenn aparèy elektwonik yo epi chwazi yon aktivite dekontraktan tankou yon lekti lejè oswa yon tas te abaz fèy pou ede w destrese.

Tape pou w aprann konnen plis sou sante ak somèy ou, menm jan ak kijan pou amelyore somèy ou si w gen difikilte pou sa.

Nitrisyon

Manje byen bay kò w nitriman ke li bezwen pou li byen fonksyone epi rekipere anba efè estrès kwonik. Li estimile sistèm iminitè w, ede w rete an sante pandan peryòd estrès. Kèk rechèch te dekouvri ke grès ak legim ki bon pou sante ede règlemante òmòn estrès yo. Yon rejim alimantè ki bon pou sante se youn nan zouti pou amelyore rezilyans ak estrès ou.

Lè yo estrese, gen kèk moun ki pèdi enèji pou yo fè manje ak manje byen. Yo chwazi manje rapid (fasfoud) oswa yo annik sote repa. Gen lòt yo menm ki "manje akoz estrès" manje ki pa bon pou sante kòm yon fason pou yo jwenn rekonfò akoutèm.

Yon rejim alimantè ki pa bon rann efè estrès yo pi mal. Li diminye rezilyans ak estrès ou. Manje ki sibi gwo trransfòmasyon ogmante risk pou gen maladi kwonik, tankou dyabèt ak maladi kè. Epitou estrès kwonik ogmante risk sa yo, kidonk ansanm, yo ka gen yon gwo enpak sou sante alontèm ou.

Tape pou w aprann konnen plis sou enpòtans yon rejim alimantè ki bon pou sante genyen pou sante w.

Pran swen kò w se yon envestisman nan rezilyans ou.

Estrès se yon pati nan lavi a. Lè w devlope abitid ki bon pou sante nan somèy, nitrisyon ak egzèsis sa ede w pran responsabilite defi lavi a, kèlkeswa sa yo ka ye.