Skip to main content

Kijan Teknoloji Kontribye nan Estrès—Epi Kisa Ou Ka Fè

Teknoloji bon. Li rann li pi fasil pou jwenn enfòmasyon nan tout moman epi rete an kontak ak zanmi ak fanmi. Pou anpil bon rezon, teknoloji toupatou nan lavi nou. Lè w defini règ konsènan kijan ak kilè ou itilize teknoloji—lè w etabli limit—sa rele pran swen tèt ou. Li ka ede w redui estrès e atousa ba w chans pou pwofite meyè pati teknoloji yo nan lavi w.

Toujou konekte

Telefòn entèlijan ka konekte w ak lòt yo nenpòt ki kote nan nenpòt ki moman, men lòt yo ka antre an kontak ak ou tou. Yon mesaj tèks ka vibre telefòn ou. Oswa alète w sou dènye nouvèl enpòtan. Oswa voye notifikasyon ba ou ki siyale yon "mwen renmen l" ("like") sou yon pòs rezo sosyal. An mwayèn, moun verifye telefòn yo chak 12 minit. Kalite sansasyon "toujou limen" oswa "toujou konekte" sa a ka ogmante òmòn estrès nou paske nou pa bay lespri nou yon chans pou li dekontrakte.

Eseye sa a: Planifye yon tan pou w dekonekte. Lè w konsakre yon tan pou w pa gen pou wap verifye telefòn ou sa ka bay sèvo w yon poz. Li menm pi bon si w ka pran yon distans fizik parapò ak telefòn ou pou yon peryòd tan pwolonje. Lè w fè zanmi oswa moun nan travay ou konnen ke w pap reponn mesaj tèks yo pandan peryòd tan sa a, sa ka ede w santi w pi konfòtab parapò ak dekoneksyon an. Li nòmal pou w pran yon tan pou w rete lwen teknoloji a. Sa rele "fè yon jèn teknolojik."

Move nouvèl ki pa janm fini

Yon etid resan dekouvri ke enflasyon, politik ak ensètitid mondyal yo—jeneralman ki se bagay ki andeyò kontwòl endividyèl nou—se sous estrès enpòtan pou Ameriken. Souvan, se repòtaj nouvèl sou bagay sa yo ki deklanche estrès.

Nouvèl yo ka lakoz estrès paske yo fè nou konsantre sou sa ki negatif. Move nouvèl sisite klik ak vyouz, donk se yo ke yo mete devan sou televizyon nou ak nan fil aktyalite rezo sosyal nou yo. Istwa sa yo an jeneral pa ede nou reflechi ak kisa nou ka fè. Oswa ofri nou yon pèspektiv pi laj ki enkli sa ki bon. Okontrè, yo rete sou sa ki pa bon an. Sa ka lakoz estrès.

Eseye sa a: Rete objektif vizavi nouvèl yo. Reflechi sou sous enfòmasyon pou nouvèl yo. Si koute moun fè w santi w angwase, rete lwen fòma opinyon yo. Konsidere tou ki kantite tan ou pase ap li, gade oswa tande nouvèl. Ou ka petèt twouve li mwen estresan si w limite kantite tan ke w pase pou mete w enfòme w sou aktyalite yo. Epi note kijan lè a nan jounen an afekte w. Ou ka rann ou kont ke fè nouvèl anvan tidejene kòmanse jounen w nan yon eta estrès. Oswa ke fè nouvèl anvan w al dòmi rann li difisil pou jwenn somèy.

Rezo sosyal

Rezo sosyal yo fèt pou montre w plis imaj ak videyo ke w renmen, donk ou kontinye ap fè yo defile epi w kontinye klike. Li ka byen fasil pou w pase plizyè èdtan ap fè yo defile san w pa jwi tan an vre. Sa ka fè w rate lòt aktivite ke w plan plezi ladan yo. E sa ka fè w santi w angwase ak deprime lè w elwaye w ak yo.

Eseye sa a: Limite fason w itilize rezo sosyal. Lè w fikse yon tan limit espesifik sa ka anpeche w vin adikte ak rezo sosyal ak lakoz ou gen estrès. Pifò telefòn entelijan ak tablèt gen kwonomèt ke w ka itilize pou limite kantite tan w pase nan aplikasyon rezo sosyal yo. Gen yon etid yo fè sou kesyon an ki revele ke lè w pa depase 30 minit chak jou sou rezo sosyal yo, sa ka amelyore sante mantal ou.

Okòmansman, li ka difisil pou w etabli kalite limit sa yo. Kòlèg ou yo gendwa plenyen ke w pa reponn mesaj yo avèk ase rapidite. Ou ka santi w gen anvi pou w pran telefòn ou lè w bezwen yon distraksyon. Ak disiplin e ak pratik, li ka vin pi fasil.

Istwa Jon

Yon swa pandan yon wikenn, mwen gade salon mwen an. Tout moun lakay mwen te sou yon laptòp oswa sou telefòn yo. Nou tout nou te ansanm, men nou pat vrèman konekte youn ak lòt. Mwen konvoke yon reyinyon familyal e nou te pran desizyon ke jou dimanch se jou san teknoloji. Li te difisil okòmansman. Sitou pou mwen, kòm mwen toujou eseye fè enpe travay jou dimanch pou mwen prepare m pou semèn nan. Toutfwa, nou pase plis tan ap fè bagay ki amizan ansanm ak lòt moun e ansanm ant nou menm. Mwen te rekòmanse li liv woman ankò! Se yon bagay ki enkwayab lè w pran yon poz pou adisyone kantite èdtan ou pase nan yon jounen sou aparèy elektwonik nou.