Respirasyon Anbwat
Rechèch dekouvri ke gen yon kantite zouti ak teknik ki ede kontwole reyaksyon estrès. Youn nan teknik ki trè koni se "respirasyon anbwat." Li tèlman efikas ke se atlèt, sekouris ak militè ki itilize li pou redui estrès nan sitiyasyon ki gen anje ki enpòtan.
Kijan pou fè l
Yon bwat gen 4 kote. Panse pou w itilize respirasyon w pou w trase kontou chak fasad bwat la:
Rale souf ou tou dousman pandan 4 segonn (anwo bwat la).
Kenbe souf ou pandan 4 segonn (anba sou kote dwat la).
Lage souf ou tou dousman pandan 4 segonn (anba bwat la).
Kenbe souf ou ankò pandan 4 segonn (anwo sou kote goch la).
Repete mouvman an pandan omwen 4 repetisyon.
Teknik: Lefèt ke w konsantre w sou imaj bwat la sa ede lespri w rete konsantre sou respirasyon w e li pa kite li distrè. Si w santi lespri w ap vwayaje pandan wap fè egzèsis respirasyon w lan, pa gen okenn pwoblèm e li toutafè nòmal. Jis note sa san jijman epi retounen pote atansyon w sou respirasyon w.
Poukisa li fonksyone
Lè w estrese, ou respire pi vit epi yon fason ki pi sipèfisyèl. Sa ogmante vitès ritm kadyak ou e ka mete w an mòd "goumen oswa chape poul ou". Respirasyon anbwat founi yon estrikti ki fòse w ralanti respirasyon w. Ritm kadyak ou ralanti, e se sa ki ede w kalme lespri w. Lè ou ralanti respirasyon w, "reyaksyon relaksasyon" an nan sèvo w ka aktive.
Lè w itilize li pandan yon moman ki estresan, respirasyon anbwat la aktive "bouton poz" la tou sa kap pèmèt ou gen chans pou w reflechi anvan ou reyaji. Lè nou reyaji san reflechi, patiklyèman anba estrès, nou ka regrete aksyon nou.
Pratik pou prepare
Eseye respirasyon anbwat la pandan kèk minit chak jou. Ou kapab eseye li nan moman ou pral kouche lannuit oswa lè w fenk leve nan maten. Oswa menm pandan aprèmidi lè w bezwen yon poz.
Pratike l tou nan sitiyasyon estrès lejè, tankou lè w bloke nan trafik, lè w chita nan yon bis plen moun, oswa menm pandan yon sèn nan yon fim. Travay pou w kalme lespri w pou w ka vin mwen enpasyan oswa angwase.
Plis ou pratike respirasyon anbwat la, se plis wap vin anmezi pou itilize l kòm yon zouti pou ede w nan yon sitiyasyon gwo estrès.
Genyen lòt teknik respirasyon
Respirasyon anbwat la popilè paske li vrèman senp. Genyen anpil lòt kalite egzèsis respirasyon ki ede nan rediksyon estrès. Si w enterese pou w eseye kèk lòt, chèche atik, videyo ak aplikasyon sou entènèt la. Eksplore epi amize w! Kèlkeswa kilès nan yo ou fè, objektif la rete menm—ralanti respirasyon w epi respire yon fason ki pi pwofon.