Relaksasyon Pwogresif Misk
Estrès ka fè nou kontrakte misk nou yo. Ou ka petèt nan biwo dantis la epi w remake ke men w ap sere. Zepòl ou leve rive nan zòrèy ou epi misk janm ou rèd. Ou ka genyen menm santiman fizik yo nan lòt sitiyasyon estresan tankou lè w chita nan avyon pandan gen tibilans oswa lè w gen yon konvèsasyon ki difisil ak yon kòlèg.
Lè w konsantre epi w relache chak gwoup miskilè prensipal ki nan kò w, sa rele relaksasyon pwogresif misk (PMR) ki se yon teknik ki fè prèv nan koze redui estrès.
Kijan pou fè l
Panse ak yon misk. Sere misk la pandan 5 a 15 segonn epi apresa relache tansyon an pou anviwon 15 segonn. Asire w ke w note diferans ki genyen ant misk ou lè li kontrakte ak lè li relache. Gen kèk moun ki twouve li itil pou itilize imajri tankou imajine yo estrès la kap vole monte nan syèl la tankou lafimen, oswa lè yap gade misk yo kap fonn.
Kòmanse nan pye w epi remonte rive nan tèt ou oswa vise vèsa. Ou ka konsantre w sou kantite pati nan kò w ke w vle. Pa egzanp, ou ka kontanple kò w konsa:
Pye (koube zòtèy yo byen di).
Janm yo.
Bò dèyè yo.
Vant (rantre li).
Kou ak zepòl (leve zepòl ou rive jwenn zòrèy ou).
Bra ak men (fè bra yo rèd epi sere pwen w).
Bouch (louvri li byen gran).
Zye (fèmen zye yo byen sere).
Fwon (fonse sousi yo).
Lè w fenk ap kòmanse, sa ka ede w si w fè yon anrejistreman gide. Gen anpil videyo gratis sou entènèt la.
Poukisa li fonksyone
Estrès ka lakoz misk ou kontrakte. Misk ki kontrakte ka lakoz plis estrès. Ou ka pa menm remake ke misk ou kontrakte. Relaksasyon pwogresif misk ka kase sik la. Li ede w rekonèt diferans ki genyen ant yon misk ki kontrakte ak youn ki detandi.
Avèk pratik, ou ka vin pi konsyan sou fason ou jere estrès nan kò w. Ak kisa ou kapab fè pou libere l.
Pratik pou prepare
Relaksasyon pwogresif misk (PMR) se yon bon zouti pou w genyen nan bwat zouti jesyon estrès ou. Pratike li nan maten si w remake machwè w fè w mal lè w leve. Oswa leswa pandan ke dòmi pral pran w. Oswa menm pandan yon pati estresan nan yon emisyon televizyon oswa yon fim. Sa pral pèmèt ou antrene tèt ou pou remake misk endividyèl kò w epi remake kilè yo kontrakte. Epi sa ki pi enpòtan, wap konnen kijan pou w detann misk endividyèl yo.
Plis ou pratike, se plis wap vin anmezi pou itilize l kòm yon zouti pou ede w nan yon sitiyasyon gwo estrès.