Detekte Pyèj nan Fason Ou Panse yo
Estrès se yon pati nòmal nan lavi. Men èske w te konnen ke fason nou reflechi sou sitiyasyon estresan yo ka afekte kijan nou santi nou e menm kijan nou jere yo?
Yon ti refleksyon kapab itil. Si patwon w ba w yon pwojè ki difisil epi ou panse nan tèt ou, “Mwen tèlman kontan li panse ak mwen, mwen ka fè sa a!” li prèske sèten ke wap travay nan pwojè a ak anpil enèji epi antouzyas. Sa ap ede w fè yon bon travay. Si ou panse nan tèt ou, “Mwen pap janm kapab fè sa a, mwen toujou echwe,” lap pi fasil pou w santi estrès ak lòt santiman negatif ki pral anpeche w travay sou pwojè a.
Kalite refleksyon negatif sa yo ak modèl refleksyon sa yo se tankou pyèj yo ye. Yo pyeje nou nan fè n gen santiman ak konpòtman ki8 swa pa ale ak sitiyasyon an oswa ki rann li pi mal ke jan l ye a.
Sikològ yo idantifye plizyè pyèj nan fason moun panse ki komen e ki gen tandans ogmante estrès, angwas, ak enkyetid epi kontribye nan rann nou malere. Yo ba yo non tou pou ede nou sonje yo! Men kèk egzanp:
Pyèj nan Fason ou Panse | Kisa Li ye | Egzanp |
|---|---|---|
Panse ke se tout bagay oswa anyen ditou | Lè w wè bagay yo kòm “tout bagay bon” oswa “tout bagay pa bon” | “Ti soti sa a pat bon menm. Mwen pat jwenn anyen enteresan pou m di.” |
Vwayans | Lè w predi gen move bagay ki pral rive alavni | “Si m postile pou travay sa a, yap refize kandidati m nan kanmèm.” |
Katastwofizasyon | Sè lè w pran yon pwoblèm oswa yon sitiyasyon epi w panse li pi mal pase sa l ye a | "Maltèt sa a genlè se yon timè nan sèvo l ye. Mwen pral mouri." |
Jeneralizasyon eksesif | Se lè w pran yon evènman negatif oswa detay sou yon sitiyasyon epi ou fè l tounen yon verite pou tout sitiyasyon | “Mwen te bliye peye kat kredi m alè. Mwen pap janm ka rive jere finans mwen.” |
Minimizasyon eleman pozitif yo | Se lè ou pran yon bagay ki pozitif ki rive epi ou minimize l kòmsi li pa “konte” | “Sipèvizè m te di m mwen fè yon bon travay sou prezantasyon an, men li te jis ap chèche parèt janti.” |
Nou tout nou fè erè nan fason nou panse. Lè w aprann konnen sou pyèj nan fason nou panse epi w note lè w kole nan abitid refleksyon negatif la sa ka ede w idantifye nan ki moman estrès la gen rezon sou ou.