Diferans ki genyen ant Bon ak Move Estrès
Yon atlèt itilize yon boufe enèji pou li reyisi sou presyon. Yon enfimyè ki travay twòp bezwen yon poz apre yon tan travay ki te difisil. Yon etidyan konsantre l pou l reyisi yon egzamen enpòtan. Yon jèn adilt pa ka dòmi alòske lap enkyete l apwopo yon kriz ekonomik. Menmsi egzanp sa yo sanble yo trè diferan youn ak lòt, yo tout genyen yon bagay an komen: estrès.
Estrès ka pouse moun pou yo vin ekselan, e li ka epwize yo tou. Kisa diferans lan ye? Kisa ki rann estrès bon pou sante oswa pa bon pou sante?
Konpwomi sou estrès
Diferans ki genyen ant bon (bon pou sante) ak move (ki pa bon pou sante) estrès chita nan avantaj li pote ak sa li koute. An fèb kantite, estrès bay kò w yon enpilsyon pou fè li travay pi di. Men si kò w estrese pandan twòp tan oswa yon fason ki twò entans, li ka ba w gwo pwoblèm sante, tankou maladi kè ak dyabèt.
Alòske pwen baskilman an ant bon ak move estrès varye selon chak moun, ou ka itilize senaryo sa yo pou reflechi sou estrès nan lavi w.
Kò w mande yon poz
Bon estrès pa dire: Lè yon elèv gen yon gwo egzamen kap vini, reyaksyon estrès la deklanche, li estimile konsantrasyon an. Yo rete je klè byen ta lannuit pou etidye, men estrès ba yo enèji pou yo kontinye. Apre yo fini, sèvo yo relakse. Yo gen posibilite pou yo repoze epi rekipere.
Move estrès dire twòp tan: Lè yon enfimyè travay pandan tan travay ki long nan yon lopital ki chaje, reyaksyon estrès la deklanche pou ba li konsantrasyon ak enèji pou l ede pasyan yo pandan peryòd tan ki long. Sa rive tan travay apre tan travay, dèfwa san tan poz pou rekipere. Reyaksyon estrès la pa kanpe. Enfimyè a kòmanse santi li epwize e iritab, epi li gen plis chans pou li malad.
Eta despri w jwe yon wòl
Bon estrès se sous motivasyon: Apre ke yon atlèt fin prepare pou yon gran kous, li konfyan nan kapasite l, men li toujou yon ti jan sou tansyon nan lide pou l konkouri. Plizyè santèn moun ap gade. Yon ti reyaksyon estrès deklanche, ki prepare misk yo epi pèmèt li konsantre l sou fòm li. Li fè yon bèl kous.
Move estrès la akablan: Pou yon jèn adilt kap enkyete l konsènan travay ak ensètitid ekonomik, nouvo nan karyè li, li pa konnen kisa lavni ap pote. Li pa panse ke gen gran bagay ke l ka fè pou pwoteje tèt li nan nivo finansye. Li santi yon estrès ki egzajere. Sa ka rive chak fwa li fè nouvèl. Li sispann dòmi byen, e sante li peye po kase a.