Konprann Estrès
Sa ka fè w sezi, men estrès pa toujou yon move bagay. Se te yon zouti ki te ede zansèt nou yo siviv (epi reyisi) nan milye sovaj nati a. Reflechi sou sa. Si zansèt nou yo pat santi yo estrese parapò ak predatè yo oswa enkyè konsènan si yo ka rekeyi ase manje, yo pa tap siviv.
Dènye jou sa yo, nou gen enpresyon ke estrès fè plis mal ke byen. Si li pa kontwole, li ka afekte sante mantal ak sante fizik nou. Estrès ka ogmante risk pou gen anksyete, depresyon ak maladi kè.
Premye etap pou mete estrès ou sou kontwòl, e menm pou w fè sa mache pou ou, se konprann kijan estrès aji sou kò w.
Nou tout gen estrès nan sèvo nou
Sèvo nou toujou veyatif. Li tout tan ap kontwole mond lan ki antoure nou, lap travay pou kenbe w san danje. Si li detekte yon menas, li deklanche sa ke nou rele "reyaksyon estrès." Se sa yo rele tou repons "goumen oswa chape poul."
Reyaksyon estrès la ranpli kò w ak òmòn ki fè kò w ak sèvo w travay pi plis epi pouse yo nan nivo pou yo depase limit yo.
Yon fwa sèvo w deside ke menas la pa la ankò, li dezaktive reyaksyon estrès la. Ni kò w ni sèvo w detann yo epi rekipere apre travay anplis yo te fè pou pèmèt ou travèse moman estresan sa s. Sèvo w apresa tounen ap kontwole pou pwochen menas posib la.
Reyaksyon estrès la ka rive lè w gen pou w pale an piblik oswa lè yon sangliye sovaj ap kouri dèyè w nan forè a. Nan premye sitiyasyon an, reyaksyon estrès la rive paske w pè e ke wap enkyete w konsènan jijman ak refi. Dezyèm sitiyasyon an pi rapwoche l ak sa zansèt nou yo te ka afwonte pou siviv. Toude sitiyasyon sa yo ka deklanche menm repons goumen oswa chape poul la menm si se yon sèl sitiyasyon nan yo ki se lavi oswa lanmò.
Estrès la ka bon epi li bannou yon enpilsyon lè li aktive, epi apre sa li dezaktive lè nou travèse evènman estresan an. Estrès estimile enèji nou e li konsantre pou ede nou fè yon pi bon travay lè nap pale an piblik oswa pou sove lavi nou lè nap kouri pou n sove devan yon sangliye sovaj.
Pwoblèm ki genyen nan mond modèn nou an se ke menm reyaksyon estrès sa a ka dèfwa aktive a yon nivo ki twò elve oswa twò souvan. Sa se lè estrès anpare w epi li ka menm danjere pou sante nou.