Skip to main content

Èske ou Gen Plis pou Pèdi?

Ou fè bèl efò nan dènye mwa ki sot pase yo! Si w genyen plis pwa pou w pèdi, pa enkyete w. Ou kapab fè l!

Sonje, li pi bon pou w pèdi 1 a 2 liv pa semèn. Se yon pwosesis gradyèl li ye e se meyè fason pou w fè l. Pran pasyans.

Istwa Jarnel

Premye fwa mwen te eseye pèdi pwa, mwen te pèdi 7 liv, men mwen te vle pèdi plis. Mwen pat ekri anpil bagay, akoz mwen pat panse mwen te oblije fè sa. Lè mwen te santi m kole, mwen te deside pito m te eseye kontwole pi byen. Mwen te ekri ki egzèsis mwen te fè nan yon kaye bò tèt kabann mwen nan fen jounen an. Li te ede m anpil! Mwen pèdi yon lòt 10 liv apresa. Kounye a doktè mwen avèk mwen nou toude kontan ak kote mwen ye a.

Kisa pou fè

  • Pale ak doktè w la. Yo ka ede w detèmine ki kantite pwa pou w pèdi anplis epi yo ka ba w kèk ide.

  • Pale ak yon dyetetis. Doktè w la ka konekte w ak youn.

  • Rekalkile objektif kalori w pou chak jou. Voye je ankò sou Objektif Kalori w yo oubyen voye yon mesaj pou responsab swen w lan epi mande ki objektif kalori ou dwe sible kounye a.

  • Jwenn yon kanmarad pou pèdi pwa. Si w poko jwenn yon zanmi ki gen objektif sante similè, jwenn youn kounye a!

  • Etabli objektif. Se pou yo reyalis ak espesifik. Eseye: "Mwen pral mache pandan 15 minit, 4 fwa pa semèn" olye w di, "Mwen pral fè plis egzèsis."

  • Kontwole pwogrè w. Regade atik Kontwòl la.

  • Atann ou a fay ak plafònman. Sa yo nòmal e ou ka pase kap sa yo! Fè lekti sou yo nan Rete Sou Bon Chimen an ak Plafònman Pèdi Pwa yo.

  • Revizyon. Reflechi sou kisa ki te byen pase pou ou nan pwogram sa a ak kisa ou ka amelyore sou yo.

Pèdi pwa = manje sa ki bon pou sante + fè aktivite fizik

  • Èske w te bay toulede menm kantite tan ak atansyon nan dènye mwa ki sot pase yo?

  • Èske w dwe konsantre w plis sou youn plis pase lòt la pou w retounen sou bon chimen an?

Èske ou gen kesyon? Voye yon mesaj pou responsab swen w lan.