Skip to main content

Plafònman Pèdi Pwa

Lè wap pèdi pwa, li komen pou w atenn plafònman. Se lè sa sanble ou paka pèdi okenn pwa ankò menmsi ou kontinye suiv plan w nan. Se yon bagay ki nòmal.

Kò w ap abitye ak woutin nan e lap eseye mentni yon sèten kantite pwa oubyen "pwen fiks."

Pa enkyete w, ou kapab simonte l.

Men kèk fason yo pwouve pou jere plafònman pèdi pwa:

Kenbe fèm

Si wap boule plis kalori pase sa w konsome, ou pral wè w pèdi kèk liv. Ou ka kontinye pèdi pwa men li twò piti pou l ko parèt sou balans lan.

Kalori kap grenpe

Èske konsomasyon kalori ou ogmante? Fè ansòt gwosè pòsyon w yo pa ogmante e ke ou konte kalori w yo kòrèkteman.

Bouje piplis

Ogmante kantite minit ou fè aktivite fizik pa semèn.

Entansifye l

Kò nou vin abitye ak pwogram egzèsis yo e yo aprann fè yo etan yap boule mwens kalori. Ou ka oblije entansifye l. Eseye yon nouvo bagay oubyen bagay pi difisil. Eseye diferan aktivite pou w travay lòt misk.

Si w pa sèten de yon nouvo pwogram egzèsis, pale sou sa ak doktè w.

Pran fòs

Misk yo trè bon nan boule kalori. Kondisyònman misk defason regilye, ikonpri gwo travay nan jaden ak leve pwa, pral bay pèdi pwa w la yon boustè.

Redemare motivasyon w

Raple w rezon kifè w vle pèdi pwa a. Epitou, mande zanmi w ak fanmi w pou ba w sipò.

Èske kèk nan ide sa yo ede w? Si repons lan se wi, se yon bèl bagay!

Objektif pou jounen an

Modifye bagay yo enpe pou w wè si ou jwenn pi bon rezilta nan semèn kap vini yo!

Ou kapab mande doktè w la oubyen responsab swen w lan konsèy. Doktè w la ka elimine nenpòt pwoblèm ki anpeche w pèdi pwa. Yo kapab ba w konsèy tou sou lòt fason pou w pèdi pwa.

Pa ezite voye yon mesaj pou responsab swen w lan.