Skip to main content

Ti Konsèy pou Fwi ak Legim

Pou w ka manje plis fwi ak legim, se pou w achte yo!

Men 10 ti konsèy pou w achte plis epi ekonomize plis nan kote w ye a: nan makèt la!

  • Suiv sezon an. Achte fwi ak legim fre ki an sezon. Yo gen plis savè e souvan yo koute mwen chè. Vizite mache agrikòl lokal ou a!

  • Poukisa pou w peye pri total? Tcheke jounal, sou entènèt, al nan makèt yo pou rabè, koupon, ak pri espesyal yo ki pral diminye pri manje. Souvan, ou kapab jwenn plis pou mwens kòb lè w vizite makèt ki bay rabè oswa pi gwo makèt yo.

  • Piga pran bagay ki pa sou lis ou a. Planifye repa w yo epi fè yon lis makèt. Achte sèlman sa w bezwen. Al achte pwovizyon yo tousuit apre w fin manje, konsa w pap gen tantasyon!

  • Eseye achte manje ki nan bwat konsèv oswa ki konjle. Konpare valè opsyon aliman fre yo, sak nan bwat konsèv, oubyen ki konjle. Pwodui nan bwat konsèv ak sa ki konjle yo ka mwen chè pase sa ki fre yo. Chwazi fwi ki nan bwat konsèv ki nan 100% ji fwi ak legim ki "pa gen anpil sodyòm (low sodium)" oubyen "pa gen sèl yo ajoute (no salt added)" ki make sou etikèt la.

  • Achte an ti kantite souvan. Sèten legim ak fwi fre pa dire lontan. Achte an ti kantite, konsa w ka manje yo anvan yo gate.

  • Achte angwo lè atik yo anvant. Pou legim oubyen fwi fre ou itilize souvan yo, li pi bon si w achte yon gwo sache. Ou kapab achte opsyon nan bwat konsèv oubyen ki konjle an gwo kantite lè yo anvant, etandone yo dire pi lontan.

  • Mak komèsyal makèt la = ekonomi. Chwazi mak komèsyal makèt la lè w kapab. Yo koute mwen chè. Anrejistre pou ekonomi ki vini ak kat abònman makèt ou a.

  • Rete senp. Achte legim ak fwi ankè. Manje ki deja koupe, lave, pare pou manje, ak manje ki transfòme fasil, men yo souvan pi chè.

  • Plante afè w oumenm. Fè yon jaden nan lakou w oubyen plante nan yon po sou galri w. Epis, konkonm, pwavwon, oubyen tomat se bon opsyon pou moun kap debite yo. Tcheke yon bibliyotèk lokal oubyen sou entènèt pou w jwenn plis enfòmasyon sou fason pou w kòmanse yon jaden.

  • Planifye epi kwizine defason entelijan. Prepare epi konjle soup yo, bouyon yo, oubyen lòt pla yo alavans. Sa fè w ekonomize tan ak lajan. Ajoute legim anplis nan pla kaswòl yo oubyen melanje yo pou w fè soup. Fwi ki twò mi trè bon pou fè frape (smouti) oubyen patisri.

Gen anpil fason pou w ekonomize lajan ak achte plis fwi ak legim!

Fè rezèv!