Eseye Fè L
Ou wè detwa atik avèk fason pou w kenbe pati santral kò ou solid. Èske w sonje avantaj ki genyen lè w genyen yon pati santral kò w ki solid?
Ranfòsman pati santral kò ou enpòtan
Li ede w pèdi pwa epi pou pa reprann pwa a.
Li pwoteje do w e lap ba l sipò.
Li ede amelyore ekilib ou ak deplasman w an jeneral.
Rete san danje
Pale ak doktè w anvan w chanje woutin aktivite fizik ou.
Lè w touse, misk ou santi a se misk abdominal ou. Konsantre w sou kenbe misk sa a aktive etan wap fè egzèsis pou pati santral kò ou.
Chak mouvman kò ou gen rapò ak pati santral kò ou. Eseye egzèsis sa a pou pati santral kò a jodiya.
Akatpat
Kòmanse sou men w ak jenou w avèk men w yo dirèkteman anba zèpòl ou e tèt ou ak kou w aliyen ak do w.
Touse epi kenbe abdomino w yo byen sere.
Detire yon bra soti atè a epi lonje l dwat devan w. Rete fiks nan pozisyon sa a epi pran 3 gwo souf.
Retounen bra a nan pozisyon inisyal la epi leve lòt bra a. Rete fiks nan pozisyon sa a epi pran 3 gwo souf.
Repete egzèsis la, leve chak janm epi rete fiks nan posizyon an epi pran 3 souf. Fè ansòt ou kenbe misk vant ou yo byen sere achak fwa.
Defi!
Leve yon bra ak janm opoze a anmenm tan. Evite woule basen w lan.
Santre hanch ou yo epi sere misk twon w yo pou jwenn ekilib.
Rete fiks nan pozisyon sa a epi pran 3 gwo souf.
Fè sa sou toude bò yo.
Sa fè w santi w byen, pa vre? Revwa plis avantaj ak egzèsis pou pati santral kò a nan Pati Santral Kò ou ak Pran Fòs!
Ou kapab tou voye yon mesaj pou responsab swen w lan.
Oubyen jwenn plis enfòmasyon sou fason pou w mete w anfòm san w pa depanse lajan nan Bon Kondisyònman Fizik pou Gratis.