Bon Kondisyònman Fizik pou Gratis
Ou pa oblije depanse anpil lajan pou w mete w anfòm. Genyen anpil opsyon gratis toujis deyò pòt ou a!
Annik asire w ou genyen yon pè tenis ki gen bon sipò. Epi toujou fè egzèsis echofman ak detiman.
Tcheke opsyon sa yo pou w vin gen bon kondisyònman fizik pou gratis!
Mache
Rechèch yo montre ke mache toulejou kapab boule plis kalori pase vizit nan sant kondisyònman fizik chak semèn. Al mache chyen w oubyen jwenn yon zanmi pou al mache avèk ou.
Monte bekàn pou w rive nan travay
Monte bekàn pou w al travay bon pou sante e lifè w ekonomize lajan sou depans deplasman yo.
Jwe Lago
Jwèt tankou "Lago" yo ekselan pou gwoup moun fè aktivite fizik. Li boule kalori etan wap pran plezi w.
Sote
Ou kapab sote nenpòt lè. Majorite moun pral boule jiska 200 kalori nan sote pandan 15 minit. Sote andedan kay ou olye w mache! Li ka parèt li nyè, men avantaj yo vo lapèn!
Al fè yon ti randone
Jwenn santye pou randone pou w al eksplore. Gen kèk ki gen ekipman egzèsis sou wout yo.
Istwa Tina
Avèk timoun ak travay, vi m chaje. M pa gen tan ni lajan pou m al nan sant kondisyònman fizik. Mwen konnen ke mwen bezwen bouje plis, donk mwen te konn mache sou pis nenpòt lè mwen te konn ale nan jwèt espòtif pitit gason mwen yo. Mwen te fè tout moun fè randone wikenn pase e timoun yo te byen renmen ni. Li sanble l nyè, men mwen te sote anndan lakay mwen tou e mwen te monte desann eskalye yo lè pat gen moun la. Touletwa bagay sa yo te banm plis enèji ak konsantrasyon!
Jaden
Fouye twou, plante, ak netwaye pasaj lakay ou jouk ou swe. Oubyem ede nan yon jaden oswa nan yon fèm lokal.
Jwèt nan pak
Jwe foutbòl, tenis, oubyen volebòl nan pak lokal la. Se yon bèl fason pou w mete w anfòm ak fè nouvo zanmi.
Fè lamach nan sant komèsyal
Mache nan sant komèsyal se lè w mache rapid nan sant komèsyal yo. Se yon bonjan plan pou jounen lapli yo.
Eseye fè l!
Genyen yon pakèt videyo kondisyònman fizik gratis sou entènèt. Annik chèche "videyo kondisyònman fizik gratis" ("free fitness videos)" pou w wè opsyon w genyen yo.
Ou ta ka kòmanse avèk sila yo:
Èske ou gen kesyon sou kondisyònman fizik? Ou ka voye yon mesaj pou responsab swen w lan.