Pati Santral Kò Ou
Kisa pati santral kò ou ye?
Pati santral kò ou se pati ki toutotou twon w lan ak hanch ou yo, ke yo rele tòso tou.
Pati sa a nan kò ou genyen ladann tout misk ki nan nivo abdomèn ou, ki devan, ki dèyè, ak sou kote w yo.
Ou ka te tande yo rele l "abdo" w yo tou.
Tout misk sa yo sipòte do w e yo ekilibre kò w.
Poukisa li enpòtan pou w gen yon pati santral kò a ki solid?
Yon pati santral kò ki solid trè enpòtan pou sante jeneral ou. San yon pati santral kò ki solid, ou ka genyen:
Move posti ak demach.
Doulè nan ba do a.
Plis risk pou pran chòk nan do w.
Avantaj yon pati santral kò a ki solid
Li pral ede w pèdi pwa, epi pa repran pwa a.
Lap pwoteje do w e lap ba l sipò.
Li pral ede amelyore ekilib ou ak mouvman w an jeneral.
Eseye fè l!
Men 2 egzèsis debaz ki pral ede w kòmanse ranfòse pati santral kò ou:
Pon an.
Kouche sou do avèk jenou w pliye. Kenbe do w nan yon pozisyon net, pa twò voute e pa prese do a atè a. Evite enkline hanch ou yo anlè.
Touse pou w sere misk abdominal ou yo. Etan wap kenbe kontraksyon nan misk abdominal ou yo, soulve hanch ou pou yo pa manyen atè a.
Aliyen hanch ou yo ak jenou w ak zèpòl ou. Rete fiks nan pozisyon sa a epi pran 3 gwo souf.
Retounen nan premye pozisyon an epi repete l. Pou yon defi, detire 1 jenou etan wap fè lepon an.
Près abdominal ak yon janm.
Kouche sou do ak jenou w pliye ak do w nan yon pozisyon net. Touse epi rete fiks nan pozisyon sa a pou w aktive misk abdominal ou yo.
Leve janm dwat ou soti atè a, yon fason pou jenou w ak hanch ou ka koube a ang 90 degree, epi repoze men dwat ou anlè jenou dwat ou.
Pouse men w devan etan wap itilize misk abdominal ou yo pou rale jenou w vin sou men w. Rete fiks nan pozisyon sa a epi pran 3 gwo souf pwofon apresa retounen nan premye pozisyon an.
Repete egzèsis sa a avèk men goch ak jenou goch ou. Kenbe bra w dwat epi evite pliye l nan nivo hanch ou a plis pase 90 degre.
Enpòtan
Anvan w kòmanse nenpòt aktivite fizik oubyen ajoute yon aktivite, pale ak doktè w pou asire w li san danje e li bon pou ou.