Manje Deyò
Èske w ap Soti pou manje deyò? Piga panike.
Nou la pou n ede w. Ti konsèy nou yo pral ede w jwi okazyon an san w pa depase limit kalori w yo.
Fè rechèch ou
Gade meni restoran an sou entènèt la. Chèche opsyon ki gen mwens kalori epi detèmine kantite kalori ou dwe konsome.
Kenbe 1 sèl pla
Pa gen okenn pwoblèm si w pran pla prensipal la sèlman. E si w pa santi ou oblije fini tout plat la. Eseye sispann manje anvan w santi w plen.
Diminye sou Kantite a
Kòmande yon òdèv ak yon pla akonpayman kòm pla prensipal ou olye ke w kòmande youn nan pi gwo pla prensipal ki sou meni a.
Piga Pran Manje Fri
Evite manje ki fri anpil oubyen lejèman, an marinad, oswa ak patisri. Alaplas, chwazi manje ki kwit san grès. Griye oswa kwit manje nan fou se meyè opsyon an!
Chwazi wouj alaplas blan
Evite sòs abaz fwomaj, sòs krèm oswa sòs ki fèt ak bè. Alaplas, chwazi sòs tomat, oswa sòs ki fèt ak kèk lòt legim.
Pla akonpayman ki pi bon pou sante
Plen vant ou ak legim kòm pla akonpayman. Si se manje kwit, chwazi chode oswa woti:
Bwokoli.
Kawòt.
Pwa.
Chou frize.
Chou vèt.
Zepina.
Chouflè.
Pran tan w
Manje dousman epi jwi chak grenn bouche. Wap santi w satisfè anvan w santi w plen.
Pataje desè w la
Chwazi opsyon ki pi bon pou sante, tankou desè ki fèt ak fwi. Si w vle chwazi yon desè ekstravagan, pataje l ak yon zanmi.
Piga bwè kalori w yo
Piga pran alkòl ak soda. Chwazi dlo, dlo gazez (sèltzè), oswa te.
Konbyen kalori?
Byenke anpil meni liste kalori yo kounye a, li pa toujou posib pou w detèmine kantite kalori nan yon repa restoran oswa nan yon repa a anpòte.
Ti konsèy sa yo kapab ede:
Chwazi pla ki pa gen okenn sòs ladan l, tankou vyann griye, pwason ki kwit nan fou, oubyen pla tanndori. Sèten sòs ak vinegrèt kapab ogmante kantite kalori ki nan yon pla.
Mande kisa ki nan yon pla oswa kijan yo kwit li. Restoran an dwe kontan ba w repons sa a.
Si w pa sèten, mande pou yon pla ki vini san sòs.
Eseye kontwole egzakteman sa w manje ak kantite a, pou w ka byen adisyone kalori yo.