Epise l
Annou eksplore kwizin mondyal pou ede w atenn objektif ou pou dyèt ou a.
Annou serye. Fè dyèt byen raz. Sanble se pou n toujou ap di non. Limite sa a, evite sa a.
Men genyen yon pil chwa manje deyò a pou bay dyèt ou a gou epi pou plè palèt ou!
Ou ka itilize ti trik pou gou w jwenn nan plizyè kwizin. Annik retire gwo grès oswa eksè sèl ki konn gen nan opsyon gou sa yo.
Meksiken
Manje Meksiken Otantik (pa tankou chwa manje Meksiken-Tekzas yo ki chaje ak fwomaj) konsantre sou zèb awomatik ak epis. Silantwo se yon zèb yo itilize anpil nan kwizin Meksikèn. Pou sèten moun ki pa fin abitye ak gou a, silantwo ka gen yon gou dwòl. Men pifò moun renmen gou inik ak epise li a.
Sitwon vèt obligatwa nan kwizin Meksikèn nan. Savè klere, sitris la sèvi pou fwidemè, vyann, ak repa ki fèt ak pwa. Menm ze gen yon ti prije sitwon vèt ladann!
Sòs abaz tomat yo bon pou sante e yo gen anpil vitamin. Eseye griye pwason, apresa ajoute zonyon sote, piman dou, tomat koupe an ti kare, ak silantwo sou li. Ajoute kèk piman pike si w renmen yon ti chalè!
Japonè
Kwizin japonè konsantre sou bouyon ak sòs senp men ki gou. Dachi se bouyon òdèv la pou anpil repa japonè. Li fèt ak konmbou, oswa alg ak bonito, oubyen flokon pwason. Ou ka achte ti pake dachi tou pare. Annik ajoute dlo. Eseye chode yon filè pwason dou sou bouyon dachi. Si w gen chans pou w viv akote yon restoran Japonè, souchi ak sachimi se ti goute ki pi bon pou sante. Men yo ka koute chè.
Grèk
Yo konsidere kwizin Grèk ak lòt kwizin Mediteraneyen pami sa ki pi bon pou sante yo. Li gen yon baz lwil doliv e li konsantre sou fwi fre, legim, ak pwason. Se yon opsyon ranplisan, ki bon pou sante ki gen anpil savè. Oliv ajoute yon ti touch savè somat nan pifò pla yo. Eseye fè yon baz savè ak lay, tomat seche nan solèy, zonyon, oliv, ak zès sitwon pou w simen sou fwidmè griye. Ajoute yon ti fwomaj feta pou plis savè.
Pès
Kwizin pès rich nan istorik ak savè. Kwizin awomatik sa a konsantre sou vyann griye ak bouyon ki gou. Diri ki byen kwit se baz pou anpil repa. Fwi sèch, tankou seriz, melanje nan pla ki byen gou, e yo ajoute yon entansite ak orijinalite nan repa yo. Manje pès yo konplèks, e li pran tan pou prepare l. Si ou pa yon kwizinye ekspè, chèche yon restoran pès toupre lakay ou. Poze sèvè a kesyon sou pla yo ak rekòmandasyon l yo.
Koreyen
Manje koreyen vin trè popilè Ozetazini. Se yon kwizin ki gen anpil vyann, men li itilize anpil legim fre tou. Savè manje Koreyen yo bon anpil. Sòs pikant trè koni li a dous ak pike an menm tan. Li se yon bon adisyon nan anpil manje, tankou ze, pwason, ak tofou. Kimchi se pla akonpayman ki santi fò, enfize ak lay ki toujou sou tab la. Kimchi se chou ki fèmante. Li rich ak vitamin C e li sitèlman bon lap gou sou lang ou.!
Pote l Lakay Ou
Kèlkeswa chwa w fè pou kwizin mondyal ou a, sonje pou w prete gou a, men kite sèl oswa grès anplis la dèyè.
Si wap manje deyò, chwazi pla ki griye oswa breze pase w pran opsyon fri yo.
An jeneral, sòs ki fèt abaz tomat, pi bon pou sante pase sòs ki fèt abaz krèm.
Lwil doliv pi bon pou sante pase bè.
E kòm toujou, li enpòtan pou w kontwole pòsyon w yo.
Èske w bezwen plis ide oubyen w gen plis kesyon? Voye yon mesaj pou responsab swen w lan!