Skip to main content

Abitid yo

Ou gen kèk mwa depi wap fè sa kounye a! Pran yon gwo souf epi selebre kote w ye kounye a. Ou soti lwen, e pakou w la poko fini!

Ansyen abitid difisil pou kite

Ou kapab chanje move abitid yo. E nouvo kòmansman kapab kòmanse kounye a.

Ranplase ansyen abitid ak nouvo, abitid ki bon pou sante.

Men kèk ti konsèy:

  • Prete atansyon a aksyon ke w pran. Lè w konsyan de sa wap fè, ou kapab fè chanjman.

  • Kontinye ak plan w nan. Si li pa fonksyone, ajiste l.

  • Evite sitisyasyon ki deklanche abitid ki pa bon pou sante yo, tankou manje devan televizyon an.

  • Kontinye fè kontwòl. Sonje, li ka benefik pou w poste nòt sou abitid ki bon pou sante yo sou frijidè w, sou tab la, nan machin ou, oubyen sou miwa a, nenpòt kote w ka wè yo.

Pratik mennen a pèmanans. Etabli nouvo abitid ki bon pou sante avèk pratik.

Refleksyon

  • Kisa 1 abitid ke w kòmanse nan dènye detwa mwa ki sot pase yo, ye? Poukisa w panse l mache?

  • Site 1 lòt abitid ou vle kite? Kijan èske w ka kòmanse semèn sa a?