Skip to main content

Kenbe Fèm!

Kounyeya ke w gen yon ti tan depi wap suiv pwogram sa a, petèt ou wè kèk chanjman nan pwa w. Kontinye konsa epi pa reprann pwa a!

Ou te reyisi jere pwa w pandan lontan. Bèl bagay!

Men kèk ti konsèy ki pou ede w kontinye

  • Ekri tout rezon ki fè w vle kenbe pwa w. Revwa chak grenn epi panse a distans ou rale jiskaprezan an.

  • Bay tèt ou kredi pou reyisit ou ak travay di w fè. Kontinye bay tèt ou rekonpans souvan!

  • Planifye pou moun, kote, ak evènman ki ka fè w echwe. Reflechi sou fason pou w jere sitiyasyon difisil yo. Pa egzanp, bwè yon vè dlo epi manje yon pòm anvan w ale nan yon fèt, nan yon bifè, oswa nan yon nòs.

  • Kontinye panse pozitif.

  • Kenbe rezo fanmi w ak zanmi w pou jwenn sipò. Fè yo konnen kijan sipò pèmanan yo ap ede w.

  • Jwenn nouvo fason pou w jere estrès.

  • Li fasil pou w fè fay nan dyèt ou oubyen nan aktivite fizik ou.

  • Si sa rive, idantifye kisa ki fè w fè fay la epi retounen sou bon chimen pwogram ou a.

  • Asire w ke ou bat bravo pou tèt ou akoz ou jere difikilte sa yo!