Skip to main content

Pran Fòs

Ou fè anpil travay jiskaprezan! Kounye a, li lè pou w konsantre w sou egzèsis antrènman miskilè. Men kèk nan plizyè avantaj egzèsis antrènman miskilè yo:

  • Ogmante fòs misk yo.

  • Amelyore ekilib ou ak ede evite ou pran so.

  • Ede rafèmi ak tonifye misk ou yo.

  • Fasilite pote pwovizyon alimantè oubyen fè lòt tach.

  • Anpeche w pèdi tisi misk ki vini ak pran laj.

  • Kenbe zo yo solid.

  • Ede kò w kenbe nivo sik nan san ki bon pou sante.

  • Ede kò w boule plis kalori.

  • Elimine estrès nan atikilasyon w yo.

  • Ede w pèdi pwa epi pa repran ni.

  • Ede w rete san danje plis wap pran laj.

Enpòtan

Rete san danje.

Li enpòtan pou w pale ak doktè w la anvan w chanje woutin aktivite fizik ou.

Ranfòsman pati santral kò ou enpòtan

  • Pati santral kò ou se pati ki toutotou twon w lan ak hanch ou yo, ke yo rele tòso tou.

  • Pati sa a nan kò ou genyen ladann tout misk ki nan nivo abdomèn ou, ki devan, ki dèyè, ak sou kote w yo.

  • Tout misk sa yo sipòte do w e yo ekilibre kò w.

Men 2 egzèsis pou ede ranfòse pati santral kò ou:

Wotasyon twon

  • Kouche sou do atè a e ak jenou w pliye ak do w nan yon pozisyon net. Touse epi rete fiks nan pozisyon sa a pou w sere misk abdominal ou yo.

  • Etan wap kenbe zèpòl ou yo atè a, kite jenou w tonbe dousman agoch. Kontinye sèlman jouk kote li konfòtab pou ou. Ou pa ta dwe santi okenn doulè, se detire wap detire sèlman.

  • Itilize misk twon w yo pou w rale janm ou yo nan pozisyon inisyal la.

  • Repete egzèsis la sou bò dwat.

Egzèsis Abdominal

  • Kouche sou do epi mete pye w sou yon mi epi pliye yo sou menm liy ak jenou ak hanch ou a yon ang 90 degre.

  • Touse epi rete fiks nan pozisyon sa a pou w sere misk abdominal ou yo. Imajine 2 pwen sou yon liy vètikal sou vant ou, 1 anlè epi 1 anba lonbrit ou. Imajine wap rale pwen sa yo vini youn a lòt.

  • Itilize misk twon w yo pou w leve tèt ou ak zèpòl ou yo soti atè a. Kwaze bra w sou pwatrin ou, olye w loke yo dèyè tèt ou. Leve tèt ou pou l a yon distans ki pa plis pase detwa pous de atè a.

  • Rete fiks nan pozisyon sa a epi pran 3 gwo souf pwofon, apresa retounen nan premye pozisyon an epi repete l ankò.