Skip to main content

Ti goute

Ou ka panse ti goute yo se yon move ide lè wap eseye pèdi pwa. Men gen bon nouvèl. Se pa tout kolasyon oswa snak ki pa bon!

Kenbe yon ti goute ki bon pou sante toupre w, tankou fwi ak legim ki lave, kale ak koupe, ke ou mete nan sachè ki separe. Yon ti pòsyon oumous (hummus) oswa pòpkòn ki pa gen grès ka itil tou.

Manje ki gen mwens kalori sa yo kapab ede jere pwa w ak grangou w:

Ti goute 0- a 50 kalori:

  • Te glase avèk sitwon.

  • Yon demi tas kawòt ak yon gwo kiyè vinegrèt ranch lejè (45 kalori).

  • Twa ka kèp lèt zanmann (45 kalori).

  • Mwatye yon ti fig bannann (45 kalori).

  • Yon tas edmi pòpkòn soufle (46 kalori)

  • 14 rezen wouj san grenn (48 kalori).

Ti goute 50- a 100 kalori:

  • Yon mwayèn moso fwi fre oswa demi rive yon tas fwi koupe.

  • Yon tas legim kri ak 2 gwo kiyè oumous.

  • 2 bonbon sèl ak 2 gwo kiyè manba.

  • 3 biskwit graham.

  • 1 ze bouyi di.

Ti goute 100- a 150 kalori:

  • Yon tas yogout natirèl ak demi tas fwi bè frèch.

  • Yon galèt diri konplè ak demi gwo kiyè manba ak mwatye yon fig bannann koupe.

  • Yon demi tas fwomaj san grès oswa 1% kotaj ak yon ka tas fwi bè.

  • Yon tranch pen konplè ak yon ka tas fwomaj kotaj san grès.

  • Yon ons bretzèl.

Ti goute 150- a 200 kalori:

  • Yon demi ti pen pita ble konplè ak yon ons fwomaj ki gen grès fèb ak yon demi tas legim.

  • Yon ti tòtiya mayi, yon ons fwomaj an fisèl ki gen fèb grès ak yon gwo kiyè salsa.

  • 1 tranch pen avèk moutad, 2 tranch blan kodenn, ak yon tranch tomat.

  • Yon ti-mwayèn pòm ak yon gwo kiyè manba.

  • 1 ba sereyal oubyen ba granola ki pa gen anpil grès.

Ti Konsèy rapid

Gade etikèt nitritif sou ti goute ou achte nan makèt yo.

Gendelè ba granola yo ka gen anpil sik ak kalori.