Skip to main content

Rekonpanse Tèt ou

Wap travay di pou w atenn objektif ou yo! Ou merite kèk rekonpans pou tan ak enèji w mete nan pèdi pwa a!

Lè w bay tèt ou rekonpans ki pa gen rapò ak manje etan wap eseye pèdi pwa sa kapab ede w rete sou bon chimen an.

Ou ka rekonpanse tèt ou chak fwa ou atenn yon ti objektif. Yon ti objektif ka se pèdi yon kantite liv byen presi, oubyen atenn objektif ou mete pou mache chak semèn apre travay.

Anvan w kòmanse plan an, poukisa ou pa fè yon lis ti objektif yo epi planifye yon rekonpans pou chak fwa ou atenn youn?

Pi ba a wap jwenn kèk ide pou rekonpans. Sèten nan yo pa koute anyen ditou!

Divètisman:

  • Biyè pou konsè oubyen al wè yon espektak mizik andirèk.

  • Poste yon nouvo sèlfi ou prefere.

  • Liv kwizin manje ki bon pou sante.

  • Ale nan sinema.

Rad:

  • Abiman pou fè egzèsis.

  • Soulye pou kouri.

  • Linèt natasyon ak bonèdben.

  • Pantalon abako.

Sante ak bote:

  • Makiyaj.

  • Masaj.

  • Èdtan w pase san w pa itilize telefòn ou.

Eksperyans:

  • Sware dansan.

  • Tan ou pran pou pa travay.

  • Poz kafe ak yon bon zanmi.

  • Kou kwizin manje ki bon pou sante.

Ti rekonpans detanzantan, ke w akimile akoz ou atenn ti objektif yo, pi pratik pase gwo rekonpans ki rive mwen souvan yo, ki mande piplis efò yo.

Kenbe yon ja (bokal) monnen pou pèdi pwa. Ajoute 1 dola nan ja (bokal) la achak fwa ou pèdi yon liv. Oubyen, kreye pwòp sistèm rekonpans ou. Pil lajan w genyen k ap ogmante ap fè w sonje jan w sot lwen e sa ap motive w pou w kontinye!

Chwazi rekonpans ki pral kenbe w sou chimen pou bon sante ak pou bon kondisyònman fizik, ki pap debalanse w.

Lè w chwazi rekonpans ki pa gen rapò ak manje sa ka ede w kase abitid rekonpanse tèt ou ak manje oubyen bwason.

Eseye ofri tè ou yon pwomès tankou, "Si mwen atenn objektif mwen pou jounen an, pou semèn nan, pou mwa sa a, mwen pral gate tèt mwen ak yon bon rekonpans mwen merite." Reflechi a yon bagay ke ou vle ki pa gen rapò ak manje. Li ka se yon apremidi detant, yon masaj, yon fim, oubyen kredi pou yon pi gwo rekonpans.

Rete kreyatif epi etabli rekonpans pou tèt ou souvan. Asire w ke ou bay tèt ou yo lè w atenn yon objektif!