Chofe, Refwadi
Kisa echofman ak refwadisman ye?
Yon echofman se yon aktivite lejè pou w prepare kò w pou fè egzèsis. Se menm jan ak lè w chofe machin ou anvan w soti avè l. Li gen ladann egzèsis kadyovaskilè lejè e gendelè detiman.
Yon refwadisman se yon ralantisman gradyèl kò ou apre egzèsis. Li gen ladann egzèsis kadyovaskilè lejè ak detiman.
Chak pran apeprè 5 a 15 minit.
Poukisa pou w fè egzèsis echofman ak refwadisman lè wap fè egzèsis?
Echofman fè misk ou yo ak kè w pare pou aktivite. Li chofe misk ou yo. Li ogmante respirasyon w ak rit kadyak ou dousman, ki pèmèt kò w vin abitye avèk li.
Refwadisman ralanti rit kadyak ou gradyèlman e li ede prepare misk ou yo pou pwochen fwa a. Detiman nan fen an fè w pi fleksib.
Yo ka ede w evite blese ak kranp, epi yo diminye doulè miskilè.
Kite kò w fin abitye ak kòmanse oswa kanpe egzèsis dousman. Si w kòmanse oubyen w sispann twò rapid, ou kapab santi w toudi oswa ou pa byen, oubyen w ka rale yon misk.
Li pa pran anpil tan ditou. E li ka ede w evite pwoblèm pi devan!
Echofman yo
Fè kèk egzèsis kadyovaskilè lejè pou ponpe kè w. Ou kapab aprann yon seri woutin echofman oubyen fè aktivite ou planifye a pi dousman pandan yon ti tan kout. Pa egzanp, si w planifye pou w kouri oubyen monte bekàn, lè w kòmanse, mache oubyen monte bekàn nan dousman.
Ajoute detwa minit detiman lan apre w fin echofe.
Refwadisman
Ralanti vitès aktivite w la pandan yon ti tan kout pou w diminye rit kadyak ou.
Detire tout gwoup misk prensipal ou te itilize yo. Al dousman. Sa pral fè w pi fleksib.
Li bon pou w detire lè wap refwadi akoz misk ou yo ak atikilasyon w yo cho toujou. Detiman kapab ede w diminye akimilasyon asid laktik, ki ka ba w kranp ak redè nan misk yo.
E li ka fè w santi w byen. Ou pral aprann tout bagay sou detiman nan pwogram sa a!