Ekskiz yo
Èske ou janm bay ekskiz pou w pa fè yon bagay? Nou tout fè sa! Voye yon bon koutje sou tout obstak sa yo sou pèdi pwa. Èske rekonèt kèk nan yo?
"Mwen pa gen tan."
Kontrèman ak sa w kwè, li pi fasil pou w fè ant 2 a 3 zèdtan aktivite fizik chak semèn. Ou pa oblije planifye pou w al swiv kou. Mache al travay oubyen ale nan magazen, travay nan jaden w, oubyen pran eskalye, tout konte. Fè detwa ti chanjman nan woutin nòmal toulejou w yo.
"Mwen twò bouke."
Nou tout santi nou bouke nan fen jounen an, men egzèsis ap bannou plis enèji! Apre yon tan, yon woutin egzèsis pral ranfòse andirans ou ak ede w santi w mwen bouke an jeneral.
"Mwen pa gen volonte a."
Anpil moun bay vag sou plan egzèsis yo tousuit apre yo kòmanse l. Pou w rete sou bon chimen an, kenbe yon jounal oubyen fè egzèsis ak yon zanmi.
Lè w etabli objektif se yon bèl fason pou w travay pou w rive atenn yon objektif ak rete sou bon chimen an.
Ou fè anpil nan pwogram sa a. Kenbe fèm!
"Mwen pa renmen egzèsis."
Genyen anpil fason pou w rete aktif epi pou renmen l! Si espò annekip pa fèt pou ou, konsantre w sou yon aktivite tankou mache, kouri, yoga oubyen natasyon. Achte yon jwèt videyo oswa videyo dans ki fè w bouje.
"Se yon travay ki difisil."
Kòmanse dousman epi bay tèt ou tan pou w pran fòs. Lè w pran fòs ak vin gen plis konfyans, li pap osi difisil ke jou anvan an. Chèche yon aplikasyon kondisyònman fizik sou telefòn ou, oubyen jwenn videyo egzèsis ki ede w pran fòs ofiramezi.
"Klima a pa bon menm."
Kouri nan lapli ka fè w santi w byen. Aprann renmen klima a! Van an ka rafrechi w e li ka aktyèlman enteresan pou w sote nan ma dlo yo!
"Mwen rate yon sesyon. Mwen pap janm retounen sou bon chimen an."
Tout moun rate yon sesyon egzèsis detanzantan. Annik repran men w enpe epi rekòmanse ankò.
"Map parèt tankou yon enbesil."
Li ka difisil pou w fè egzèsis devan lòt moun si w pa abitye fè sa. Pa gen pwoblèm. Ou kapab kòmanse fè egzèsis lakay ou oubyen kouri lè pa gen moun la. Men sonje, anpil moun te konn santi yo jan oumenm ou santi w la!
Pa koute ekskiz yo.
Yo pa ede w.