Objektif Kalori
Pou pèdi pwa, ou vle pou boule plis kalori pase sa w absòbe. Donk ann planifye pou:
Objektif kalori w pou chak jou.
Ki manje w renmen.
Kijan w pral boule kalori.
Kalori yo se kle
Kontinye konte si l bon pou ou. Si l pa bon pou ou, aprann konnen konbyen kalori ki gen nan manje w manje (ak nan bwason w bwè) souvan yo!
Chèche jwenn kalori yo
Lè w gade etikèt enfòmasyon ki sou manje yo, gade 2 premye seksyon yo. 1 tas manje ki anba a ap gen 250 kalori.
Konsantre w sou kalori yo
Defini objektif kalori w pou chak jou. Pou pèdi pwa nan yon fason ki bon pou sante w, se pou w konsome ase kalori, men pa twòp. Pou ka reyisi atenn objektif ou, ou fèt pou w konnen objektif kalori w pou chak jou.
Chif sa a se yon nimewo ki inik pou ou ak objektif ou fikse pou w pèdi pwa a.
Si ou pa konnen objektif kalori pou chak jou w la, voye yon mesaj pou responsab swen w lan.
Aprann konnen kalori w yo:
Kisa w manje ak kisa w bwè souvan? Ekri yo sou papye. Kounye a, pran yon ti tan gade Zouti Kalori Alimantè sa a (Food Calorie Tool). Make ki kantite nan chak aliman ki ba w ki kantite kalori! Si w bezwen konn plis enfòmasyon sou kalori "happy hour" yo annik fè rehèch sou "alcohol."
Kounyeya, ann konsantre n sou manje ki gen anpil nitrisyon ki atire w. Ekri non manje sa yo ki bon pou lasante. Kounyeya konn konbyen kalori ki ladan yo.
Gade objektif kalori pou chak jou w la. Ki konparezon ou fè ant objektif la ak manje e ak bwason w abitye pran yo? Èske w wè manje ki gen anpil kalori ke w vle diminye sou yo? Ki manje ki bon pou sante ki bon pou w ajoute?
Si w gen kesyon sou kalori ak nitrisyon, voye yon mesaj pou responsab swen w lan kounye a. Yon dyetetisyen otorize kapab ede w tou.
Planifye pou boule kalori. Konbyen kalori w boule lè w fè yon ti mache rapid? Sa depann.
Kalkile kantite kalori ou boule ak "Get Moving!" (Bay Kò W Aktivite) ki se yon zouti pou kontwole kalori ou boule. Itilize l pou konnen ki kantite kalori ou ka boule lè w fè lòt kalite egzèsis. Gen anpil chwa ou ka fè!
Objektif pou jounen an
Deside kijan w vle anrejistre nouvo enfòmasyon w nan pou dènye jou ki pase yo. Itilize yon jounal oswa yon kalandriye oswa jwenn yon aplikasyon ke w renmen!
Pa bliye mete motivasyon w, objektif ou yo, kontwòl manje w manje, ak kantite kalori a. Gen lòt bagay toujou!