Skip to main content

Planifye pou fè Chanjman

Plan w pou pèdi pwa

Ann prepare w pou ka reyisi pèdi pwa. Distans semèn preparasyon sa a fini, wap pare pou pèdi pwa anplis ou genyen yo! Wap gen:

  1. Rezon ki fè ou vle pèdi pwa. Se motivasyon w!

  2. Kontwòl sou kisa wap manje, ak bwè ak kantite w manje ak bwè.

  3. Objektif ou pou pèdi pwa nan 12 semèb.

  4. Objektif kalori pou chak jou.

  5. Objektif aksyon pou fè chanjman pwogresif nan zafè manje ak egzèsis.

Apre premye semèn ou nan pwogram ou an, nou pral gade pou wè kisa ki mache ak kisa ki pa mache. Tout sa w bezwen se youn oswa de ti ajisteman pou jere ti devyasyon epi pou rete nan bon direksyon an. Ou pral kapitalize sou pwòp siksè w!

Verite sou sante

Si w pèdi anpil anpil pwa byen rapidman, gen anpil chans pou pwa w pèdi a retounen. Epi sa fatige w.

Objektif ou pou pèdi pwa nan 12 semèn

Li enpòtan pou chwazi yon objektif pou pèdi pwa ki sen e ki san danje. Pou anpil moun, pi bon fason pou fè l la se vreman dousman ak regilyèman.

Objektif ou pou pèdi pwa a ap inik pou ou. Si w pa vrèman konnen ki objektif pou pèdi pwa ou ta dwe fikse nan 12 semèn, mande doktè w oswa voye yon mesaj bay responsab swen w lan.

Si w vle pèdi plis pwa apre 12 semèn yo, alèkile wap annik fikse yon lòt objektif kap dire yon lòt 12 semèn.

Objektif pou jounen an

  • Konbyen liv ou espere ke wap pèdi nan 12 pwochen semèn yo?

  • Ekri l sou papye epi mete l yon kote w ka wè l. Tankou sou frijidè w oswa sou miwa w.

Kijan w panse ke wap santi w lè w resi atenn objektif sa a? Selon oumenm, kisa kap chanje pou ou distans sa rive? Kisa w pral jwi nan lavi a?

Epi sonje faktè ki te move w pou pèdi pwa yo.

Panse sou rezon sa a toulejou!