Prensip Debaz pou Pèdi Pwa
Kijan moun fè pou pèdi pwa?
Se konnen pou konnen Règ Ekilib Enèji a. Si w vle pèdi pwa, fòk ou konsome mwens kalori pase kantite kalori kò w boule. Alèkile sa vin fòse kò w pran kalori pou l boule ki soti nan rezèv grès li deja genyen an pou l jwenn enèji li bezwen an.
Pou pèdi pwa nan yon fason ki bon pou sante
Diminye sou kantite kalori w pran an. Chwazi manje ki chaje ak eleman nitritif.
Ogmante kantite kalori w boule yo. Fè plis aktivite fizik.
Poukisa sa ou manje ak bwè yo enpòtan?
Pou ka kontinye fè aktivite fizik ak pwofite kòmsadwa etan wap pèdi pwa anplis yo, ou bezwen yon bon alimantasyon.
Chwazi:
Legim, fwi, sereyal konplè, ak pwodui letye ki gen ti kantite grès.
Vyann mèg, volay, pwason, pwa, ze ak nwa.
Pou limite kantite grès satire ak grès trans, sodyòm, ak kantite sik ajoute.
Si pifò kalori wap pran yo se nan manje pitza, brownie ak byè ou pran yo, lap difisil pou pèdi pwa.
Poukisa li enpòtan pou w bouje ak fè plis aktivite fizik?
Ann gad reyalite a, si w pa fè aktivite fizik, wap santi w pa gen enèji, oralanti, e ou ka menm santi w fèb. E si w pa aktif e si w pa boule kalori, lap difisil pou diminye ase kalori pou w pèdi pwa!
Men lè w fè aktivite ak kò w, se kòm si w restat yon motè. Alèkile kò w vin amelyore fason l boule enèji. Lè konsa li fonksyone pi byen. Ou santi w pi byen!
Ou boule plis kalori lè w fè egzèsis, kidonk ou ka manje konsome plis kalori. Sa ba w plis libète pou manje diferan kalite manje. Ou ka menm manje yon ti fridòdòy detanzantan.
Ki sekrè ki genyen pou reyisi pèdi pwa?
Men sa pou w fè pou w reyisi fè sa:
Pran angajman pou w kenbe tèt ou an bòn sante. Pami tout priyorite w yo, mete afè pèdi pwa a anlè nèt sou lis la.
Fikse objektif epi planifye pwogram ou.
Fè chanjman nan fason w fè egzèsis ak fason w manje etap pa etap.
Lè yon bagay pa mache, pran leson nan sa, epi fè revizyon etan wap vanse.
Objektif pou jounen an
Kòmanse siveye kisa wap manje, ak bwè ak kantite w manje ak bwè.
Pwochen fwa wap pran yon ti goute oswa pwochen fwa wap manje, kòmanse ekri sou papye tout sa ou manje. Byento wap kapab itilize enfòmasyon sa a kòmsadwa!