Aktivite
Pou ka boule bonjan kalori, fòk ou bay kò w aktivite. Men si w pat konn bay kò w aktivite anvansa, ou ka pa vreman konnen kijan pou w kòmanse.
Nou la pou n ede w! Jodiya, nap konsantre n sou toulède, aktivite ayewobik ak aktivite andirans.
Kisa ayewobik la ye?
Egzèsis ayewobik yo fè kè w bat anpil. Li fè poumon w yo travay. Metsouli, atoutsa, ou boule kalori. Sa jwe yon wòl enpòtan nan plan w pou pèdi pwa. Epi li fè w santi w vreman byen!
Ide a se pou fè mouvman nan yon nivo efò ki modere oswa nan yon nivo elve. Pou ka gen bòn sante, fè egzèsis jiska:
2 zè 30 minit chak semèn nan yon nivo modere. Se kapab yon ti mache rapid oswa yon ti flann sou bekàn a yon vitès nòmal.
1 è 15 minit chak semèn nan yon nivo elve. Se kapap kouri, naje an longè oswa patisipe nan yon klas ayewobik.
Ou ka divize l, tankou mache rapid pandan 30 minit, 5 jou pa semèn. Menm si ou fè l 10 minit alafwa libon. Fè l kèlkeswa jan w kapab la!
Chwazi fason w pi renmen pou bouje a
Itilize "Get Moving!" (Bay Kò w Aktivite) ki se yon zouti pou boule kalori pou konnen ki kantite kalori ou ka boule.
Pouki pou fè egzèsis antrènman miskilè?
Sitòp, pouchòp, fleksyon janm, ak leve pwa, tout se egzanp egzèsis antrènman miskilè. Men gen anpil lòt ankò!
Misk boule kalori. Ki vle di tank ou fòtifye gwoup misk yo, e tank ou itilize misk sa yo, se tank wap boule kalori.
Sa sèlman w bezwen se 2 jou chak semèn pou fè antrènman miskilè. Ou ka leve pwa oswa menm ti mamit soup ki nan kuizin ou yo. Ou ka fè egzèsis rezistans avèk bann elastik, ou ka fè yoga, ak pouchòp. Oubyen ou ka pran yon kou leve pwa ak mizik.
Lè w vin gen plis fòs, ou boule plis kalori.
Objektif pou jounen an
Chèche yon zanmi ki ka fè aktivite fizik avè w.
Ak kimoun ou vle pase plis tan? Ki moun ki ka vle fè plis aktivite fizik tou?
Aktivite egzèsis nan yon nivo ki modere san danje pou pifò moun. Sepandan si w gen yon pwoblèm sante, tankou maladi kadyak oswa dyabèt, li enpòtan pou w pale ak doktè w sou sa anvan. Chèche konnen ki tip ak ki kantite aktivite fizik ki bon pou ou.