Skip to main content

Pla ki Bon pou Sante

Gade kisa ki nan asyèt ou semèn sa a. Lè ou manje kòmsadwa sa pral ede w fè w santi w anfòm nèt!

Poukisa pou w genyen yon pla ki bon pou sante?

Lè w manje manje ki bon pou sante, sa ka bese risk pou maladi tankou obezite, maladi kadyak, dyabèt tip 2, ak sèten tip kansè.

Ak kisa yon plat ki bon pou sante sanble?

  • Yon pla ki bon pou sante se yon balans pami 5 gwoup aliman. Ou kreye l ak pòsyon ki gen anpil fwi ak legim.

  • Epitou li gen ladann grenn, pwodui letye, ak lòt aliman ki chaje ak pwoteyin ke kò w bezwen.

  • Ou ka itilize imaj ki pi ba a pou planifye pou konnen ki kantite manje ki kòrèk pou manje a chak repa.

A graphic shows ideal amounts of different food groups on a plate: half fruits and vegetables, one-quarter grains, one-quarter proteins, and a serving of dairy.

Ou gen yon katafal chwa pou kreye yon pla ki bon pou sante! Kisa ki atire w?

Pla ki bon pou sante a

Fwi. Fwi yo pa gen anpil kalori e yo chaje ak fib. Fib alimantè ede sèl (poupou) ou rete regilye e ou gen mwens chans pou konstipe. Epitou fwi yo se yon bon sous potasyòm, vitamin C, ak folat ki se yon vitamin B ki enpòtan. Fwi yo pa gen anpil grès ak sèl natirèlman, epi yo pa gen okenn kolestewòl. Depi w kapab, chwazi fwi antye ki fre. Evite manje fwi ki nan siwo epè, paske yomenm yo ajoute sik ak kalori nan kò w.

Legim. Gen anpil legim ki gen eleman nitritif ladan yo tankou vitamin A, ki yo menm pwoteje w kont enfeksyon. Menm jan ak fwi, yo gen potasyòm, vitamin C, folat ak fib tou. Pami legim ki gen anpil potasyòm yo wap jwenn patat dous, pòmdetè blan, pwa wouj, pwa lima, tomat (sòs mat ladann tou!), bètrav, zepina, kouj pwavre ak manyòk. Chwazi legim ki fre oswa konjle. Legim nan bwat ka gen anpil sèl ladan.

Grenn. Grenn antye chaje ak eleman nitritif ak anpil fib. Ou ka ajoute yo nan nenpòt ki repa. Grenn antye dwe reprezante omwen lamwatye nan kantite grenn wap manje yo. Grenn antye yo se sous ki ekselan pou fib, fè, folat, ak lòt vitamin B. Varyete chwa w genyen yo se avwàn, pòpkòn, diri konplè ak diri sovaj, lòj ak grenn antye, boulgou (ble konkase), farin ki fèt ak ble konplè, ak semoul mayi ki fèt ak grenn antye.

Pwoteyin. Ou kapab jwenn pwoteyin nan yon gran varyete manje. Li pi bon lè w manje yon varyete manje ki gen pwoteyin chak semèn. Manje ki chaje ak pwoteyin yo ba w lòt eleman nitritif kle tankou kalsyòm, fè, vitamin B12 ak asid gra tip omega-3. Melanje l ak ze, manje ki gen pwodui letye ki pa gen anpil grès, volay, vyann mèg, fwidmè, nwa, ak grenn.