Skip to main content

Fikse Objektif Aksyon W

Jodiya, ou tabli plan w pou pèdi pwa. Pwochen etap la, se lanse l!

Tout sa w bezwen se 2 objektif aksyon pou semèn sa a. Ki se:

  • Ojektif manje w ki se yon ti chanjman men yon chanjman efikas sou jan w manje. Byento wap devlope objektif sa a.

  • Objektif aktivite fizik ou ki kòmanse entansifye w pou ka vin pi aktif epi pou boule plis kalori.

Chak semèn, wap revwa 2 plan aksyon w yo epi:

  • Lè w metrize yon objektif, wap fikse yon nouvo objektif pou semèn apre a.

  • Si w santi w bezwen plis tan pou fè yon chanjman, rapòte objektif sa a nan semèn apre a.

  • Si yon objektif pa fin twò bon pou ou, ou ka ajiste l oswa chanje l.

Fason pou kreye plan aksyon SMART (Entelijan)

Objektif SMART (Entelijan) yo se yon fason garanti pou konsantre w sou fè ti chanjman reyalizab kap rive bay gwo rezilta.

Yon objektif SMART (Entelijan) pa twò gwo pou takle, ni li pa twò piti. Li adapte ak vi toulejou. Se yon plan akoutèm. SMART (Entelijan) vle di:

  • Espesifik: Kisa mwen gen entansyon fè egzakteman pou m reyisi?

  • Mezirab. Kijan mwen pral kontwole pwogrè m ak konnen lè mwen atenn objektif mwen?

  • Oryante sou aksyon. Kisa mwen pral fè egzakteman?

  • Reyalis. Kisa ki se yon defi, men ki pa twòp pou mwen pou m takle touswit?

  • Baze sou tan. Kilè dat limit mwen an ye?

Men ak kisa objektif manje yo sanble:

  • Nan 7 pwochen jou yo, mwen pap bwè plis ke 2 kenn kola yo sikre ak sik.

  • Chak jou pandan 7 pwochen jou yo, map manje 3 ti repa. Ant chak repa, map manje 3 kolasyon ki bon pou sante, konsa mwen pap grangou epi m pap anvi manje tchips.

  • Yon règ map adopte se pran lèt ki gen glas olye pou m pran krèm alaglas. Mwen pap manje l pi ta ke 6:30 pm olye pou m manje l lè m pral dòmi.

  • Pandan 3 jou nan semèn sa a, map planifye epi map manje repa ki chaje ak legim.

Men ak kisa objektif aktivite yo sanble:

  • Semèn sa a, pandan 6 sware anvan m pran dine, map fè yon ti mache rapid pandan omwen 15 minit. Chak jou, map mache 5 minit anplis.

  • Pandan 3 jou travay nan semèn sa a, map pran rad pou m al fè espò a pou m ka ale fè egzèsis lè m sou wout lakay mwen. Map detire pandan 5 minit. Apresa map itilize yon aparèy kadyovaskilè x pandan omwen 20 minit. Chak jou, map fè 5 minit egzèsis kadyovasikilè anplis.

  • Pandan 4 jou nan semèn sa a, mwen pral fè x sitòp redrèsman, x pouchòp sou jenou ak x segonn nan pozisyon yon planch. Epi apresa yon pòz yoga timoun. Pandan 2 semèn, map fè jiska 2 seri nan sa yo.

  • Chak jou nan semèn sa a, map pouse pitit mwen 50 fwa byen wo sou balanswa a. Mwen pral asire ke mwen angaje pati santral kò mwen pou m pwoteje do m.

Fikse objektif aksyon SMART ou yo pou semèn pwochèn!

Panse ak aksyon espesifik avèk dat limit. Ki kantite e chak konbyen fwa?

  • Ki objektif aksyon w pou chanje manje w manje?

  • Ki objektif aksyon w pou fè aktivite fizik ak boule kalori?

  • Ki dat wap kòmanse pèdi pwa?

  • Ou pare, nap demare...annavan!

Nan pwen nesesite pou w fè yon revizyon total pou rejim alimantè ak egzèsis lè wap kòmanse a.

Franchman, se konsa anpil moun pa reyisi pèdi pwa.

Ak objektif SMART yo, li pi fasil pou prepare w pou ka gen siksè. E pou ajoute sou chak siksè etan wap pran fòs!