Skip to main content

Ou Pare pou Kòmanse!

Atik sa a se pou dat wap kòmanse a: Premye Jou nan 12 semèn ou genyen pou w vin pi anfòm, pi ansante e pi lejè!

Panse sou kisa kap vin diferan nan 3 mwa. Kisa wap gentan akonpli? Kijan wap santi w? Ki nouvo abitid kap vin fè pati nòmal nan lavi w?

Ou pare, nap demare...annavan!

Men kote w pral kòmanse ti chanjman w fè chak semèn ki pral ajoute sou siksè w pou w pèdi pwa.

Èske w gen kalandriye w, liv ou oswa aplikasyon w lan? Si ou pa genyen yo, pran yon moso papye!

Kounyeya antre:

  • Objektif aksyon w fikse pou manje chak semèn.

  • Objektif aksyon w fikse pou fè egzèsis chak semèn.

  • Objektif kalori pou chak jou. Si ou pa konnen objektif kalori pou chak jou w la, voye yon mesaj pou responsab swen w lan.

  • Tout manje w manje yo. Ak bwason. Mete ki kantite.

  • Aktivite. Tout bagay. Nivo efò epi pandan konbyen minit.

  • Pwa (Ou Peze).

Rapèl sou objektif

Ale nan Fikse Objekfif Aksyon w yo si w bezwen fè yon revizyon. Men kèk egzanp:

  • Semèn sa a, map manje 3 ti repa. Epi map manje 3 kolasyon ki bon pou sante, konsa mwen pap grangou epi m pap anvi manje fwidòdòy.

  • Pandan 5 jou nan semèn sa a, map fè yon ti mache rapid pandan 15 minit anvan lè dine a. Chak fwa, map mache 5 minit anplis.

Chak konbyen fwa pou w pran pwa w?

Se oumenm ki pou deside sa ki pi bon pou ou a. Fè atansyon pou w pa kite bon ak move moman kotidyen yo afekte w:

  • Omaksimòm, pran pwa w toulejou. Pa fè l pi souvan ke sa.

  • Oubyen si w pito, monte sou balans la mwen souvan. Petèt 3 jou chak semèn oswa chak semèn.

Pran pwa w yon fason ki kont pou:

  • Rete konsantre sou objektif ou.

  • Gade tandans wap suiv chak semèn nan. Èske wap pran pwa oubyen wap pèdi pwa?

Chwazi yon lè nan jounen an pou pran pwa w epi kenbe menm lè sa a. Paregzanp bonè nan maten anvan w manje manje maten w.

Make pwa w achak fwa w pran l. Se pral yon gwo ankourajman pou wè pwogrè wap fè chak mwa!

Sa a se yon jou ki vreman enteresan! Di moun ki nan antouraj ou sa. Selebre li! Tank ou pale ak lòt moun sou plan w genyen an, se tank lap vin yon reyalite!