Kòmanse Fè Aktivite
Lè w fè aktivite fizik, se yon fason yo pwouve ki ba w plis enèji, ou dòmi pi byen epi w santi w anfòm. E natirèlman, ou boule plis klaori: ki se yon pati kle nan pèdi pwa!
Ou pa oblije enskri w nan yon sant kondisyònman fizik pou fè plis aktivite fizik. Chwazi nenpòt aktivite ki bay kò w mouvman.
Fè l pwogresivman
Ajoute sesyon 10 minit nan jounen w. Ou pa oblije fè tout yon grenn kou. Annik ajoute plis pa nan jounen w:
Pran eskalye yo.
Pake machin ou pi lwen posib epi mache.
Netwaye kay ou.
Leve kanpe pou chanje chèn televizyon an.
Mache pi lontan lè w ale pran lèt yo nan bwatolèt la.
Itilize yon pedomèt pou konte kantite pa ou fè chak jou. Ou ta ka konfigire yon monitè etap (Step tracker) nan aplikasyon sa tou.
Voye yon mesaj pou responsab swen w lan si w ta renmen chanje kantite pa w gen entansyon fè chak jou. Yo ka pwopoze w youn ki bon pou ou.
Make ki kantite pa w fè ototal toulejou. Byento wap wè pwogrè kap fèt devan je w!
Trete kò w kòmsadwa
Bwè anpil dlo anvan, pandan, ak apre w fè aktivite fizik.
Koute kò w. Se oumenm ki konnen kijan li difisil e konbyen tan pou fè.
Evite domaj ak doulè miskilè. Fè ègzèsis echofman anvan w fè aktivite fizik. Refwadi epi detire w lè w fini.
Lè w bezwen yon ti ankourajman anplis pou w bay kò w aktivite, chèche yon konpayon! Tan w pase ap fè aktivite fizik kapab pi amizan lè se moman w pase ap sosyalize. E li pi difisil pou w sispann fè ti mache oswa egzèsis ou konn fè chak jou lè gen yon lòt moun ki konte sou w.
Ki kantite?
Pou yon bòn sante, eseye fè aktivite fizik pandan omwen 2 zèdtan 30 minit chak semèn.
Esye pa fè twòp okòmansman. Fè l ofiramezi. Apre yon tan, ou ka byen fè plis!
Pa fè enpridans!
Si ou pa te aktif dènyèman, konsilte founisè ou a anvan ou kòmanse. Oubyen si w deja ap fè aktivite fizik epi w gen entansyon fè plis, voye yon mesaj pou responsab swen w lan. Mande si w ta dwe verifye sa avèk founisè w la.