Kalori Komen
Li ka difisil pou w konte kalori ki gen nan chak manje w manje! Li difisil pou kontwole l. Si se pa pou ou, pa gen pwoblèm ak sa.
Men si w pa konte kalori yo, ou dwe konnen kantite kalori ki gen nan manje w manje souvan yo. Sètadi, tankou begèl, late, sirèt oswa vè diven w pi renmen yo. Bagay sa yo pa vreman gen eleman nitritif ladan yo. Epi yo ajoute sou kalori yo!
Pou chwa manje ki gen anpil kalori, lè sa a ou kapab planifye pou:
Diminye pòsyon yo.
Manje oswa bwè yo mwen souvan.
Echanje yo pou chwa ki bon pou sante.
Chèche konnen si manje sa yo gen yon ti kantite kalori ak anpil kalori.
Manje | Kantite kalori* |
---|---|
Ti gato jenjanm, lèt ki pa gen anpil grès, 12 ons | 204 kalori |
Begèl rezen ak kànèl | 215 kalori |
Pòm | 53 kalori |
Zoranj | 62 kalori |
Fig | 105 kalori |
Oumous, 2 kiyè oswa 30 ml | 55 kalori |
Tòtiya Tchips, 10 a 15 tchips | 134 kalori |
Ti kawòt piti yo, 9 | 35 kalori |
Zanmann, yon ka tas | 160 kalori |
Oreo ki kouvri ak chokola, 1 bonbon | 130 kalori |
Pitza pepewoni, 1 ti tranch | 108 kalori |
Lazànya fwomaj, 1 tas | 292 kalori |
Diven, yon vè 5 ons | 123 kalori |
*Kantite a ka varye
Ki manje ki "vo" kalori yo?
Manje ki chaje ak eleman nitritif ("nutrient-dense") se manje ki bon pou sante. Pou kalori yo ba ou yo, yo gen anpil eleman nitritif. Panse ak fib, pwoteyin, kalsyòm, fè, vitamin B, C ak D.
Wap jwenn bon enfòmasyon sou etikèt ki bay Enfòmasyon sou Nitrisyon. Lè yon manje gen youn, itilize l.

Chèche konnen konbyen kalori ki gen nan yon pòsyon. Konbyen pòsyon ki gen nan kantite pòsyon w lan?
Pou ka gen plis enfòmasyon sou kalori ak eleman nitritif ki gen nan manje w manje yo, voye yon mesaj pou responsab swen w lan epi mande l ba w plis enfòmasyon!