Skip to main content

Fè Aktivite Fizik Kèlkeswa Gwosè w

Èske w gen difikilte pou kòmanse fè egzèsis? Petèt li difisil pou jwenn rad ki bon pou ou yo. Oubyen souf ou vin kout oswa w fatige rapid. Ou ka santi w dwòl lè w ap fè espò devan lòt moun.

Si w pa santi w alèz ak kò w, menm ti difikilte kapab ka anpeche w fè egzèsis.

Men w ka simonte difikilte yo, kit yo gwo kit yo piti. Panse pi lwen pase difikilte yo.

Byento wap rive nan pwen kote wap amize w etan wap fè egzèsis. Epi wap santi w byen tou!

Ki rekonpans wap jwenn poutèt ou fè egzèsis?

Lè w pran abitid fè egzèsis regilyèman, sa ba w gwo avantaj pou sante w. Sa yo gen ladan yo:

  • Pèdi Pwa.

  • Li bese tansyon w ak sik ki nan san w.

  • Zo w, misk ak jwenti w ansante.

  • Kè w ak poumon w djanm.

  • Ou dòmi pi byen leswa.

  • Kè w pi kontan.

Ki sekrè ki genyen pou reyisi?

Kòmanse nan pwen w ye la a kounyeya. Chwazi aktivite ki koresponn ak nivo fòm fizik ou. Sa ede w evite domaj oswa dekourajman. Li ede w rete sou bon chimen an.

Kòmanse piti. Siveye pou wè kijan w santi w. Ofiramezi ogmante pandan konbyen tan ak chak konbyen fwa w fè aktivite fizik.

Chwa pou byen kòmanse yo se:

  • Mache.

  • Egzèsis nan dlo.

  • Bisiklèt kouche.

Ou mèt atann ou aske ou pral santi doulè nan misk etan kò w ap abitye l ak nouvo mouvman yo. Etan wap vin pi anfòm, wap pare pou w eseye fè nouvo egzèsis oswa nouvo espò.

Èske nenpòt moun ka fè aktivite fizik?

Aktivite fizik san danje pou prèske tout moun:

  • Si w gen yon pwoblèm sante, tankou maladi kadyak, dyabèt oswa move atikilasyon, konsilte doktè w. Pran konsèy pou konnen kisa ki bon pou ou.

  • Pran mezi prekosyon lè wap fè aktivite fizik.

Ki konsèy sekirite ki genyen?

Preparasyon:

  • Mete ekipman pwoteksyon ki apwopriye tankou kask pou monte bekàn.

  • Asire w kèlkeswa ekipman espò ke w itilize a li bon e ke li chita sou ou kòmsadwa.

  • Chwazi kote ki san danje pou fè egzèsis. Fè aktivite fizik ak yon zanmi oswa ka yon gwoup.

  • Bwè dlo anvan, pandan epi apre w fin fè aktivite.

  • Nan jou ki gen solèy, mete yon chapo pou pwoteje tèt ou ak krèm pwoteksyon kont solèy oswa mete rad ki pwoteje w nan sans sa a.

  • Lè gen fredi oswa van, abiye ak plizyè kouch rad.

Aprann rekonèt siy avètisman w yo. Si w pa santi w byen, sispann sa wap fè a. Li enpòtan pou w chèche jwenn swen medikal tousuit si w gen:

  • Doulè, tansyon oswa presyon sou pwatrin ou oswa nan kou, zepòl oswa bra w.

  • Gwo souf kout.

  • Vètij oswa malèz.

Si egzèsis wap fè a ba w doulè nan jwenti, pye, cheviy oswa janm, konsilte doktè w. Petèt wap bezwen chanje egzèsis ou fè.

Abiye w pou alèz

Chwazi rad pou fè egzèsis ki:

  • Absòbe transpirasyon e ki seche rapidman (pa rad koton).

  • Lejè e ki pèmèt ou bouje fasilman.

  • Mezi janm ou, tankou kolan, pou anpeche fwotman.

  • Ba w bon sipò (tankou soulye oswa yon soutyen espò).