Mete Aktivite Nan Jounen Ou
Wap ajoute plis aktivite pou w pase plis tan aktif toujou chak semèn! Sa vle di wap bezwen jwenn nouvo fason pou ka bay kò w mouvman.
Objektif pou semèn nan
1 èdtan ak 40 minit egzèsis kadyovaskilè modere + 2 jou egzèsis antrènman miskilè.
Kisa w pral fè jodiya?
Men kèk konsèy pou ka ajoute plis egzèsis kadyovaskilè nan jounen w:
Ajoute plis etap. Lè w mache, se youn nan fason ki pi fasil pou fè aktivite fizik. Epi l fè w boule kalori! Menmsi se 10 minit mache rapid alafwa, sa ap ede w.
Pran eskalye yo. Pa pran asansè. Oubyen soti ladann anvan w rive kote w prale a. Monte kèk mach eskalye.
Kouri oubyen fè djòging. Fè li ofiramezi pou pa domaje. Detire anvan epi apre. Kouri pandan 1 minit chak fwa, mache nan entèval yo. Mete bon soulye nan pye w. Apre yon tan, wap mache mwens epi wap kouri plis!
Itilize fòs ou w pou w al travay. Si w kapab, mache oswa monte bekàn pou al travay. Si w ale travay nan machin, nan bis oswa nan tren, pake oswa desann sèvis transpò a anvan kote w dwe rive a pou ka mache.
Bay kò w mouvman lè w lakay ou. Chita mwens, bouje plis. Wap jwenn kredi pou travay nan kay, jwèt batay ak chyen oswa timoun epi travay nan lakou. Kanpe devan òdinatè w!
Fè sa tounen yon pati nan chak jounen. Mete yon kalandriye sou pye. Planifye lè w pral fè aktivite fizik. Gen dè moun, li pi bon pou yo lè yo leve pou ale byen bonè. Pou zòt, lè manje midi a pi bon. Oswa lè timoun yo ap dòmi oswa yo lekòl. Kisa ki pi bon pou ou?
Fè fanmi w fè aktivite fizik. Yon bon fason pou fè aktivite fizik ansanm se lè nou al mache, kouri oswa monte bekàn. Menm jan ak travay nan kay ak avanti randone ant fanmi!
Istwa Terry
Se pa premye reyaksyon m pou dokimante egzèsis mwen fè nan yon jounal. Men kounye a mwen konprann! Pandan yon semèn, mwen ekri tout ti bagay mwen fè nan yon kalandriye, ikonpri lè m pase tan chita. Apatide sa, tout ti twou ki gen nan jounen m parèt devan je m! Mwen reyalize mwen te ka boule kèk kalori menm pandan 15 minit. Kounye a mwen itilize yon aplikasyon pou kontwole. Li banm bonjan ankourajman achak fwa mwen wè kijan m vin ap fè plis aktivite!