Lekti Etikèt Nitrisyonèl yo
Etikèt ki gen Enfòmasyon Nitrisyonèl yo se yon min lò ki ba w enfòmasyon ki itil. Li ba w sa w bezwen an pou ka fè bon acha e pou manje kòmsadwa.
Pòsyon an
Pòsyon an se kantite manje sa a ke etikèt la ap pale de li.
Pafwa yon pòsyon konn pi piti pase pòsyon nenpòt adilt ta manje. Trik sa a fè yon manje parèt tankou li pa gen anpil kalori, li pa gen anpil grès oswa l pa gen anpil matyè gra alòske se pa leka!
Pòsyon pa bwat
Chèche chif sa a. Li ka delika. Si se pake ki anba a wap manje kòm ti goute oswa repa antye w la, wap gen 2 pòsyon. Donk wap vle miltipliye chak valè nitritif, ak kalori yo pa 2.

Kantite kalori
Toujou sonje objektif kalori ou pou chak jou a. Ki kantite w bezwen nan yon jounen? Ki kantite nan total pa w la ke manje sa a genyen?
Note "Calories from Fat (kalori nan grès)" ki make sou diferan manje. Ki pòsyon kalori ki soti nan grès? Gade pi ba a pou ka konn plis bagay sou grès.
Pousantaj valè kotidyen (daily values, DV)
DV a di w konbyen eleman nitritif ki antre nan kantite total ou bezwen chak jou. Sèvi ak DV a pou chwazi manje ki gen anpil bagay nan bon bagay ak ki ba nan sa ou ta dwe limite.
Kisa ki bon pou ou
Bat pou pran anpil fib, vitamin A ak C, kalsyòm, ak fè.
Kisa ki bon pa pou ou
Kò w bezwen kèk sodyòm ak grès. Men pa anpil.
Lè w manje twòp sodyòm, twòp kolestewòl oswa twòp grès total, sa ogmante risk pou sante w.
Kanta grès la menm, fè plis efò pou limite grès satire ak asid gra trans nan alimantasyon w.
Remak: 5% DV oswa mwens ba. 20% DV oswa plis wo.
Objektif pou jounen an
Pran kèlke minit pou li kisa ki nan manje w.
Pou chak nan 3 kolasyon w pito yo, ki kantite ki reprezante 1 pòsyon? Ki gwosè pòsyon nòmal ou? Èske l twòp?