Reflechi sou epi Fè Rapèl pou Objektif ou yo
Sa a se premye kontwòl sou pwogrè w la! Depi dat ou kòmanse a, kijan sa ye?
Gade 2 objektif aksyon w yo epi gade jounal siveyans la. Poze tèt ou kesyon sa yo:
Kisa ki mache?
Kisa ki pa mache byen?
Èske w metrize yon objektif aksyon?
Si se non, pa gen pwoblèm ak sa. Li pa toujou fasil pou chanje abitid.
Kle a se pou tire yon leson de erè yo ak difikilte yo. Poze tèt ou kesyon:
Èske mwen tou senpleman bezwen yon ti tan anplis?
Èske m bezwen ajiste objektif sa a pou m rann li pi reyalizab?
Ki leson mwen tire sou bagay ki se obstak?
Kijan m pral fè jere obstak sa yo pou gen siksè?
Ou ka jwenn bon repons nan yon chanman orè, kote w ale, ak ki moun ou pase tan, oubyen kijan w fè acha ak kijan w fè manje w. Petèt li ta bon pou chanje kantite bagay ou atann de tèt ou. Planifye davans pou fè semèn kap vini sa a yon siksè!
Si w reyisi yon objektif aksyon kòrèkteman, nap di w konpliman!
Pran l kòm yon nouvo abitid! Kenbe la.
Fikse yon nouvo objektif aksyon. Kisa w vle eseye fè apresa?
Mizajou sou objektif aksyon
Pou rezime ak planifye davans, make:
De (2) objektif manje ak aksyon aktivite pou jou kap vini yo. Yo ka se menm objektif yo, oswa yo ka se objektif revize oswa nouvo objektif.
Kisa ki te mache byen pou ou.
Ki sa wap chanje oswa evite.
Siksè w yo, gwo ak piti. Kenbe yon lis sou chak objektif aksyon ou akonpli!
Si w poko wè ou pèdi pwa, pa enkyete w. Se jis ke kò w fenk kòmanse.
Sa ka pran w yon ti tan avan w kòmanse parèt ak santi w diferan.
Kenbe fèm ak plan w lan. Di tèt ou souvan: "Mwen pral atenn pwa mwen sible a!"