Skip to main content

Kontwòl

Poukisa pou kontwole bagay ou manje ak sa ou fè?

Lè w kontwole manje w ak aktivite w fè chak jou, sa ede w konsantre w sou plan w lan epi w pa devye!

Sa se paske enfòmasyon kontwòl ou fè a ede w:

  • Wè pwogrè w fè.

  • Aprann de erè w fè.

  • Deside ki kote pou double efò w yo.

  • Planifye pwochen etap ou yo.

  • Rete sou bon vwa a.

  • Atenn objektif pou pèdi pwa w la!

Ki pi bon fason pou kontwole?

Pi bon fason pou kontwole pèdi pwa a se konnen kisa ki pi bon pou w. Si jiskaprezan wap chèche konnen ki sa l ye, eseye itilize yon kaye nòt oswa yon kalandriye. Eseye youn ou de aplikasyon telefonik, epi mande zanmi w kisa yo renmen itilize.

Kijan w ka kontwole sou papye?

Nan pati anwo a, mete:

Pi ba a, mete sa w pran chak jou:

  • Manje ak bwason. Tout bagay. E ki kantite.

  • Aktivite. Tout bagay. Entansite a ak konbyen minit.

  • Pwa (Ou Peze). Ou ka pran pwa w chak de-twa jou si w pito l konsa.

Pou ale pi lwen epi pou kontwole kalori w yo. Ou pa oblije ap konte kalori pandan tout vi w. Men pou kòmanse, li ede w aprann konnen kalori ou pran chak jou yo.

Konbyen kalori w pran chak jou? Itilize Zouti Kalori Alimantè (Food Calorie Tool) la.

Konbyen kalori w boule chak jou? Itilize zouti "Get Moving" (Bay Kò w Aktivite) ki bay kalori w boule.

Voye yon mesaj pou responsab swen w lan avèk yon mizajou sou kijan wap degaje w! Yo vle konnen kijan wap degaje w.

Kontwòl ou fè chak jou a pral ede w sentre kisa w vle chanje epi wap akonpli l!