Skip to main content

Kòmanse Manje Sa Ki Bon Pou Lasante

Men sa pou vizyalize: Nan 3 mwa, wap manje manje ki pi sen, ki pi bon pou lasante pase sa w te konn manje anvan. Ou parèt pi bèl. Ou santi w pi byen!

Ki pi bon fason pou rive la? Men kèk konsèy nap ba w.

Fikse yon nouvo objektif ki baze sou semèn aksyon

Planifye pou fè ti chanjman senp nan fason w manje. Petèt ou ka diminye sou kantite kalori w pran nan bwason ki chaje ak kalori. Epitou:

  • Konsantre w sou yon objektif SMART ki byen Espesifik, ki Mezirab, Reyalizab, Reyalis, ek ki baze sou Tan. Tankou, "Mwen pral bwè moka m pito a lè madi ak lè samdi lè m fin fè egzèsis kadyo pou inèdtan nan djim. Map pran yun 12 ons (olye de 16 ons)."

  • Pran angajman an. Ekri l epi mete l kote w ka wè l souvan.

  • Menm si w fè erè, pa kanpe. Fè l jouk ou vin bon ladann! Fè l tounen yon nouvo abitid.

  • Semèn pwochèn, kòmanse ak yon lòt chanjman. 1 objektif ou fikse chak semèn se 1 nouvo abitid chak semèn.

Pi bon abitid poupran pou manje sa ki bon pou lasante

  • Debarase de manje ki chaje ak kalori, grès ak sik ki ba w ba w anvi manje yo.

  • Pa kite grangou depase w. Manje ti repa ak ti goute antretan.

  • Planifye ak prepare davans ti goute ak repa ki bon pou lasante.

  • Bwè yon vè dlo anvan w manje.

  • Manje jouk ou satisfè. Kanpe. (Pa tann jouk vant ou plen.)

  • Ekri tout sa w manje nan yon jounal. Sa ede w planifye ak wè ki kote w fè chanjman yo.

Chwa manje ki bon pou lasante

  • Chwazi legim, fwi ak sereyal konplè. Yo chaje ak eleman nitritif epi yap ede w ranpli vant ou!

  • Chwazi opsyon pwodui letye ki pa gen anpil grès.

  • Chwaze moso vyann mèg yo koupe. Retire tout grès ki vizib.

  • Griye manje w oswa kuit li nan fou, oswa kuit li ak vapè oswa griye l sou fòm babekyou. Piga fri l.

  • Evite oswa diminye bwason ki gen sik ak alkòl. Yo chaje ak kalori vid!