Bon Kondisyònman Fizik pou Lavi!
Akoz ou pat fè yon rejim alamòd, ou bon pou w kontinye fè bèl travay sa a! Sonje, rejim alamòd yo pwomèt yo pral fè w pèdi pwa pandan yon ti tan kout, men li pa dire. E yo ka danjere pou sante w.
Abitid ki bon pou sante ke w aprann pandan detwa dènye semèn ki sot pase yo, kapab dire tout lavi w.
5 abitid kle
Pou w pèdi pwa epi pou w pa repran ni:
Pran pwa w chak semèn.
Chanje sa w manje ak sa w bwè.
Fè aktivite fizik pandan omwen 2 èdtan ak 30 minit chak semèn. Sa vle di apeprè 30 minit pifò jou nan semèn nan. Melanje aktivite w yo pou w toujou divèti w.
Manje manje maten chak jou.
Gade mwens pase 10 èdtan televizyon pa semèn.
Pou rete sou bon chimen an
Kenbe yon jounal pou sa w manje ak aktivite fizik.
Prete atansyon a chanjman ki bon pou sante ke w fè pou w pèdi pwa.
Kenbe kontak avèk doktè w oubyen responsab swen w sou enkyetid ou ak pwogrè w.
Etabli "alèt avètisman" pou w wè si pwa w ap remonte. Pa egzanp, ou ka vle etabli yon maj 5 liv pwa w pran kòm siyal avètisman.
Si w repran pwa
Men kèk bagay pou eseye:
Revwa poukisa pou kòmanse ou te pèdi pwa epi sonje gwo travay ou fè jiskaprezan.
Retounen nan itilize jounal ou yo pou pwa, sa w konsome, ak aktivite fizik ou. Chèche pwoblèm yo epi etabli objektif pou jere pwoblèm sa yo.
Ou ka toujou kontakte responsab swen w nan nenpòt lè pou w jwenn ide ak sipò.