Rete sou Bon Chimen an
Wap fè yon bon travay nan fason ou kontinye suiv pwogram nan! Men kèk bagay ou ka pran an konsiderasyon etan wap panse sou pwogrè w:
Kijan w santi w? Èske w santi w gen plis enèji?
Kisa w vin aprann de tèt ou?
Èske w eseye manje kèk nouvo manje resaman?
Èske w pèdi kèk pwa? (Nenpòt ki pwa, menm si kantite a mwens pase sa w te atann nan, sa vo lapenn pou selebre sa!)
Èske w janm pase yon jounen difisil?
Konfwonte erè yo
Pèdi pwa se pa bagay ki fasil. Gen dè jou kote l pa fasil pou chanje abitid ou genyen. Menm atlèt olenpik yo konn gen echèk oswa yo konn fè erè.
Erè konn fè w santi w fotif. Ou ka senpleman santi w pa gen sa w bezwen nan oumenm pou fè sa. Panse sa yo ka fè w pran desizyon pou kite sa. Se pa poutèt ou fè yon erè ki fè tout bagay fini, pa bay sa plis enpòtans pase sa li genyen. Se pa oumenm sèlman, sa konn rive tout moun.
Tire leson de erè w yo
Premye sa pou w fè se konsidere erè a kom yon moman ki fè w sonje pouki rezon wap fè sa wap fè a. Ou ka ekri oswa enprime rezon yo epi kole yo toutotou w. Ou gen kont fyèl pou kontinye avanse pou ka atenn objektif sante w yo.
Reflechi pou wè kilè e kisa ki fè w fè erè:
Kisa ki te mennen echèk la? Èske deklanchè a se te youn moun, yon kote oswa yon bagay?
Kisa w ka fè defason diferan si sa ta rive ankò?
Jere erè yo
Byensouvan erè yo gen deklanchè, klèman. Ou ka chanje deklanchè a oswa fason w reyaji vizavi deklanchè a. Men kèk ti konsèy:
Chanje deklanchè a. Paregzanp, itilize yon ti plat manje, al manje yon kote ki diferan, oswa nan yon lè ki diferan.
Evite deklanchè yo. Si w konnen w pa ka jere l, evite l. Paregzanp pa ale nan yon bifè nan restoran.
Ranplase pwovokè a pa yon repons ki sen. Paregzanp, chwazi yon pòm olye de chips oswa pran eskalye olye w pran asansè.
Mande èd. Pale sou deklanchè ak objektif ou ak fanmi w, zanmi w, kolèg ou yo.
Sonje
Menm si w pa wè kantite chanjman w vle wè a, pa dekouraje!
Se chak jou pou rekòmanse anouvo.
Objektif pou jounen an
Reflechi sou 1 bagay ou pral chanje semèn sa a. Nan pwochen atik la, ou pral fikse objektif aksyon w yo pou semèn kap vini an!