Skip to main content

Ajoute Aktivite

Se pa toutan ou ka jwenn yon pwogram egzèsis ki estriktire, menm ti sa ki la yo nan pwogram sa a. Men aktivite yo pa oblije byen planifye. Li pa oblije yon aktivite ki selon yon orè, ni de yon aplikasyon e ni anndan yon sal kondisyònman fizik.

Gen plizyè fason w ka bouje plis ozalantou w pandan tout jounen an. Si w pral gen yon jounen kote w pral okipe anpil, eseye itilize metòd sa yo pou jwenn tan pou fè kèk aktivite.

Melanje bagay yo nan trajè w

  • Mache oswa monte bekàn ale-retou pou ale kèk kote.

  • Desann bis la oswa trean an 1 desann anvan estasyon w epi mache pou fè rès wout la.

  • Pake lwen bilding kote w prale a.

Bouje pi plis lè w nan travay

  • Toujou pran eskalye.

  • Mache nan koulwa a pou w al pale ak yon kolèg travay olye w itilize telefòn oswa imel.

  • Lè se moman pou pran break, fè yon ti mache rapid pandan 5 a 10 minit konsa.

Bay tèt ou aktivite fizik lè w lakay ou

  • Ale mache chen w oswa chen zanmi w.

  • Fè travay nan lakou. Koupe gazon an. Rasanble fèy yo ak rato. Wete raje nan jaden.

  • Lave machin ou ak pwòp men w.

  • Byensouvan pase aspiratè oswa bale atè a.

  • Mache an plas lè yap bay reklam nan televizyon.

  • Detire w oswa fè egzèsis sou chèz etan wap gade televizyon.

  • Lè wap itilize telefòn, fè kèk pa nan sal kote w ye a.

Lè w ale fè acha

  • Pote afè w yo olye pou pouse yon charyo.

  • Pake machin ou kote ki pi lwen nan paking yo epi mache pou w rive nan magazen an oswa nan sant dacha a.

  • Fè kèk ti mache rapid etan wap fè acha nan sant d'acha a.

E kit ou poukont ou oswa ak lòt moun, danse lè w kapab!

Ti Konsèy rapid

Kontwole kantite tan sa pran w pou fè aktivite fizik sa yo. Make l nan kalandriye w.

Yo konte pou atenn obejektif ou fikse chak semèn nan.

Wap santi w fyè dèske w te fè yon bagay ki aktif!

Li pi fasil pase sa w te panse a, pa vre?

Si w pa fin konnen si yon aktivite bon pou ou, pale ak doktè w oswa voye yon mesaj pou responsab swen w lan.