Skip to main content

Kwizin ki Pi Bon pou Sante

Ann kontinye ak chanjman ki bon pou sante sa yo! Aprann kèk nouvo fason pou fè manje epi diminye sou kalori, pou w ka santi w pi byen. Lè w ajoute epis epi chanje atik yo, li ka gen pi bon gou toujou pase anvan!

Kijan pou kuit vyann ak legim

Lè w fri manje, friti a ajoute anpil grès nan manje a. Ou ka kuit manje nan plizyè lòt fason epi wap gen mwens bagay pou netwaye! Eseye metòd sa yo ki pa gen anpil grès ladan yo:

  • Griye. Kuit manje w sou recho babekyou. Annik ajoute yon ti sèl ak pwav sèlman.

  • Kwit nan dlo bouyi. Kwit ze oswa pwason, menm filè blan poul, nan 2 pous likid k ap bouyonnnen. Yon likid moun itilize se dlo ak yon ti vinèg ladann.

  • Vapè. Base legim anba vapè nan yon panye vapè. Annik bouyi 2 pous dlo epi koupe legim yo lèfini ajoute yo nan panye a. Kuit li jiskaske w ka foure yon fouchèt ladan yo.

  • Bouyi. Bouyi dlo a epi kwit legim yo jiskaske yo mou.

Ranplase engredyen fasilman

Ou ka ranplase pwodui ki gen anpil grès nan resèt ou pou mete pwodui ki pa gen anpil grès. Men kèk ide:

  • Itilize lèt ki san grès oswa ki pa gen anpil grès olye lèt antye.

  • Itilize krèm si ki san grès oswa yogout ki pa gen anpil grès olye krèm si.

  • Achte vyann poul oswa kodenn moulen olye pou achte sosis. Ajoute grenn fenouy ak piman wouj kraze pou ka gen bay gou sosis la. Epitou sosis poul oswa kodenn pi bon pou w pase sosis kochon.

  • Eseye itilize sòs salad ki pa gen anpil grès oswa ki pa gen grès ditou, oubyen fèt yon vinegrèt mezon ak lwil d'oliv, dlo ak vinèg oswa (oswa ji sitwon). Sa a pi bon pou ou pase vinegrèt pou salad ki tankou krèm yo oswa ki gen anpil grès yo.

  • Itilize lwil doliv alaplas bè. Lè w ap kwit manje nan fou, ou ka chanje 1 tas pire fig mi oswa zaboka pou 1 tas bè oswa lwil tou.

Pwochen fwa w ap kwit manje, egzamine grès ak lwil ke w ap mete yo.

Reflechi pou wè kijan w ka ranplase yo pa pwodui ki pa gen anpil grès oswa ki pa gen grès ditou.