Skip to main content

5K: Kijan Pou Rive La

Si mache oubyen kouri yon 5K pa pou ou, pa gen pwoblèm ak sa! Fè sa ki bon pou ou. Regade kèk nan atik yo sou lòt fason ou ka fè aktivite fizik, tankou:

Pou w antrene pou yon 5K, wap bezwen 30 minit tan sèlman 3 fwa pa semèn. Lòt jou yo se jou repo ak ti aktivite fizik. Si w panse pwochen etap ou a ka eseye yon 5K, men yon ti apèsi sou orè w la:

Semèn 1 a 4 yo

Wap fè 3 kouri-mache 3 fwa pa semèn ankòmansan ak plizyè mach rechofman rapid 5 minit. Wap chanje ant kouri ak mache chak minit pandan 20 minit. Wap ajoute on ti kras plis kouri pase mache achak fwa.

Semèn 1 a 4 yo

Apre yon mach rechofman rapid pandan 5 minit, wap ogmante tan kouri a soti nan 5, 8, ak 10 minit, e wap mache pandan 3 minit ant kouri yo. Wap rive jiska 25 minit kouri san okenn mache.

Semèn 1 a 4 yo

Semèn sa yo pral enkli 3 kouri pandan 25 a 30 minit apre mach rechofman rapid pandan 5 minit ou yo.

Istwa Rayna

Mwen te pè pou m angaje m pou m antrene pou yon 5K, men dèke mwen wè orè kouri-mache yo ak jan l te senp pou kòmanse, mwen te eseye l. Li sitèlman gradyèl ke mwen te santi m tankou yon chanpyon kap antrene pou kous yo. Mwen jwenn yon zanmi pou fè l avèk mwen e mwen jwenn yon plan antrènman sou entènèt. Se te yon bèl bagay lè m pase liy final la!

Objektif pou jounen an

Voye yon mesaj pou responsab swen w lan si pwochen etap pou ou a se eseye yon 5K! Li ka ba w plis resous, pou w kapab atenn objektif ou a.

Sonje, yon 5K pa fèt pou tout moun. Genyen plizyè lòt fason pou w fè aktivite fizik!

Enpòtan

Pale avèk doktè w la anvan w kòmanse nenpòt kalite nouvo plan aktivite fizik.